Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Timote 3:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Ou konnen kijan yo te atake m di, ak tout soufrans mwen te konnen nan Antyòch ki nan Pisidi a, nan Ikòn, nan List. Wi, mwen soufri anpil. Poutan, Senyè a delivre m anba tout latwoublay sa yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 nan pèsekisyon mwen ak nan soufrans mwen. Ou konnen tou sa ki te rive m Antyòch, Ikonyòm ak List, ki kalite pèsekisyon mwen te sipòte. Men, Bondye te delivre m anba yo tout.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m!

参见章节 复制




2 Timote 3:11
43 交叉引用  

Lè yo kite Pèj, yo kontinye vwayaje pou ale Antyòch ki nan Pisidi. Nan jou repo a, yo antre nan Sinagòg la epi yo chita.


Lè Jwif yo wè tout moun sa yo te rasanble, yo vin gen anpil jalouzi nan kè yo. Yo tonbe ap demanti tout sa Pòl t ap di, epi yo tonbe joure.


Te gen yon nonm nan vil Lis ki te andikape. Li te fèt ak tou de pye l paralize. Li pa t janm konn mache nan vi l.


Jwif yo t ap fè konplo kont mwen, epi sa te mete m nan sitiyasyon difisil. Men nou konnen m te toujou ap sèvi Senyè a, menmsi gen kèk fwa se ak dlo nan je. M te toujou fè tout sa avèk anpil imilite.


Diskisyon an te fè goumen leve, sa te fè kòmandan an vin pè pou moun yo pa dechire Pòl an miyèt moso. Konsa, li mande sòlda l yo pou yo desann nan foul la, retire Pòl nan mitan yo epi al fèmen l nan kazèn nan.


M ap voye w kote moun ki Jwif ak moun ki pa Jwif yo epi m ap pwoteje w devan yo.


Men Bondye te pote m sekou, jouk jodi a li kontinye ap ede m. Bondye soutni m epi li fè m kanpe jodi a pou rakonte tout moun sa m te wè. Mwen sèlman di sa Moyiz ansanm ak pwofèt yo te di ki te genyen pou rive.”


Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.”


Priye pou m ka delivre anba moun Jide yo ki refize aksepte mesaj nou preche a. Priye pou èd m ap pote Jerizalèm nan ka fè pèp Bondye a plezi tou.


Menm jan nou sibi soufrans pou Kris, se menm jan an tou nou resevwa konsolasyon pa mwayen Kris.


Nou gen anpil konfyans. Nou konnen ou patisipe nan soufrans nou. Konsa tou, nou konnen ou ap patisipe nan konsolasyon nou tou.


Wi, si se pou Kris, mwen aksepte ak kè kontan feblès mwen yo. Mwen aksepte ak kè kontan jouman, nesesite, pèsekisyon ak moman difisil. Rezon: lè m fèb se lè sa a m pi fò.


Mwen te mennen yon bon konba, mwen fini kouri nan kous la, mwen sèvi Senyè a fidèlman.


Konsa, nou wè, Bondye konnen kijan pou l prezève moun ki fè lwanj pou li yo. L ap sove yo anba latwoublay yo. Epi Bondye ap kenbe mechan yo pou l ka pini yo nan jou jijman an.


跟着我们:

广告


广告