Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Timote 2:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Se poutèt Levanjil sa a, mwen anba soufrans sa yo, mwen menm rive pran prizon kòm yon malveyan. Men mesaj Bondye a pa nan prizon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Se paske m'ap anonse bòn nouvèl sa a kifè m'ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Pou li menm, mwen soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone.

参见章节 复制




2 Timote 2:9
22 交叉引用  

Yo te kondi de kriminèl ale tou ansanm ak Jezi pou yo egzekite.


Lè sa a, kòmandan batayon an avanse sou Pòl, li arete l. Li bay lòd pou yo mare Pòl ak de chenn. Apre sa, li mande: “Ki lès nonm sa ye? Ki mal li fè?”


Li t ap preche wayòm Bondye a epi li t ap prezante Jezikris avèk anpil asirans ak tout libète.


Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.”


Konsa, mwen menm Pòl, mwen se yon prizonye, paske m ap sèvi Jezikris pou nou menm ki pa Jwif.


Men lòt yo anonse Levanjil Kris la ak yon lespri egoyis, yo pa sensè, epi yo panse yo ka ban m pwoblèm pandan m nan prizon an.


M gen rezon pou m panse de nou tout konsa, paske m pote nou nan kè m. Nou tout te ede m nan tout favè Bondye fè m, non sèlman pandan m nan prizon an, men tou, lè m te lib epi m t ap defann mesaj Levanjil la nan montre moun chemen verite a.


Mwen voye salye nou, mwen menm Pòl, ak pwòp men pa m. Sonje nan ki sitiyasyon m ap viv kòm prizonye. Gras Bondye avèk nou!


Priye pou mwen tou, pou Bondye louvri pòt pou Pawòl li, pou m ka rive preche mesaj Kris la. Nou konnen se rezon sa a menm ki fè m nan prizon.


Se depi soti Tesalonik, mesaj pawòl Bondye a gaye nan tout Masedwàn ak nan Akayi. Konsa, toupatou kote nou pase y ap pale sou kalite lafwa nou nan Bondye. Konsa nou pa t bezwen di anyen ankò.


Frè m ak sè m yo, nou gen lòt bagay pou nou ta di ou ankò. Priye pou nou, pou mesaj Senyè a ka pwogrese byen rapid epi tou pou moun resevwa li, ba li valè, menm jan ou menm ou te fè l la.


Se poutèt sa m ap soufri kounye a. Men m pa wont. Mwen konnen nan kilès mwen plase konfyans mwen. Mwen sèten Bondye gen ase puisans pou l pwoteje m nan sa l ban m fè a, jouk nan dènye jou a.


M ap priye pou Bondye gen mezerikòd pou fanmi Onezifò. Plizyè fwa Onezifò te ankouraje m. Li pa t wont poutèt mwen te nan prizon an.


Konsa, ou pa dwe wont rann temwanyaj pou Senyè nou an. Epi, pa wont pou mwen tou ki nan prizon poutèt Senyè a. Men, soufri avèk mwen pou Bòn Nouvèl la, avèk puisans Bondye.


Menm jan ak yon bon sòlda pou Jezikris, se pou ou aksepte pòsyon soufrans pa nou an.


Men Senyè a te kanpe avè m. Senyè te ban m fòs. Konsa, mwen bay Levanjil tout kote m pase. Mwen fè tout payen yo tande Levanjil. Konsa, mwen te delivre soti nan bouch lyon an.


Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini.


Obeyi chèf wa a mete tou pou pini moun k ap fè move bagay ak pou rekonpanse moun k ap fè bon bagay.


Reponn yo avèk sajès ak respè. Kenbe konsyans nou klè. Konsa, moun ap wè bon lavi n ap mennen tankou disip Kris la. Moun ki pale nou mal pral wont poutèt sa yo di.


Nou ka soufri se vre, men nou pa dwe ap soufri paske nou touye moun, nou vòlè, nou kreye pwoblèm pou lòt moun osinon paske nou foure bouch nan bagay ki pa gade nou.


跟着我们:

广告


广告