Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Timote 2:24 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Yon sèvitè Senyè a pa dwe nan diskisyon ki mennen kont ak moun. Ou dwe byen ak tout moun. Ou dwe anseye byen. Epi ou Dwe gen pasyans.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l viv byen ak tout moun, se pou l konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l gen pasyans.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis,

参见章节 复制




2 Timote 2:24
31 交叉引用  

Li p ap nan fè diskisyon ni pale fò, li p ap nan fè gwo bri ni gwo diskou nan lari.


Alò, Jwif yo te pran fè yon diskisyon byen fache. Yo t ap di: “Kòman nonm sa a ap fè pou li ban nou manje kò l la?”


Pòl ak Banabas pa t dakò ak ansèyman mesye yo ditou. Sa te lakoz gwo diskisyon. Konsa, frè yo nan vil Antyòch deside voye Pòl ak Banabas, ansanm ak kèk lòt moun, ale Jerizalèm pou diskite kesyon an ansanm avèk apot yo ak lidè yo.


Foul la te pran manifeste pi fò toujou, epi kèk pwofesè lalwa ki te manm pati Farizyen yo leve kanpe epi yo kòmanse yon diskisyon ak foul la, yo di: “Nou pa jwenn nonm sa a koupab de anyen. Yon espri osinon yon anj dwe te pale ak li.”


Nan denmen, Moyiz retounen vin vizite pèp li a ankò. Fwa sa a, li wè de moun pèp Izrayèl la k ap goumen antre yo. Li t ap eseye fè yo rekonsilye. Li di yo: Mesye m yo, èske se pa frè nou ye? Pouki sa nou youn ap maltrete lòt konsa?


Mwen menm Pòl, kèk moun di ki timid lè m nan mitan nou, epi ki sevè lè m lwen, mwen ta vle fè nou yon demand pèsonèl poutèt bonte ak dousè Kris la:


Nou pa sèvi ak zam lèzòm fè. Puisans zam nou yo soti nan Bondye, epi y ap detwi tout kote lènmi an genyen pou fè l kwè li an sekirite. N ap detwi move rezònman lèzòm ap fè,


Okontrè, nou fè tout bagay yon jan ki montre nou se sèvitè Bondye vre. Nou sipòte avèk pasyans moman tristès, moman lapenn yo ak tout kalite kalamite.


Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa,


Se pou nou toujou moun ki senp nan jan nou viv, moun ki dou epi ki gen pasyans. Ak lanmou, sipòte lè nou youn pa menm jan ak lòt.


Fè tou sa nou gen pou nou fè san nou pa ni plenyen ni babye.


Pa fè anyen ak lògèy nan fè tèt nou pase pou pi bon pase lòt moun. Men se pou imilite nou fè n konsidere lòt moun pi enpòtan pase nou.


Nou pa dwe mete nou an kòlè youn kont lòt, men se pou youn padone lòt. Si nou santi yon moun fè nou yon bagay ki mal, se pou n padone l. An n padone lòt yo, paske Senyè a te padone nou menm jan an tou.


Se yon bagay fasil pou n ta sèvi ak otorite nou kòm apòt pou fè ou yon seri egzijans. Men nou te pito sèvi ak dousè. Nou te aji tankou manman k ap bay pitit li tete.


Men ou menm, ou se moun Bondye. Konsa, ou dwe kanpe lwen tout bagay sa yo. Ou dwe toujou chache fè sa ki byen, bagay k ap fè lwanj pou Bondye, chache lafwa, lanmou, pasyans ak dousè.


M ap salye w, mwen menm Pòl, yon sèvitè Bondye, yon apot Jezikris voye. Travay mwen se pou m ede moun Bondye chwazi yo pou yo fè Bondye plis konfyans epi pou yo konprann ansèyman ki dwat sou Jezi. Ansèyman sa a pral ede yo viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè Bondye plezi.


Chak lidè nan legliz la dwe san fay, paske se jeran Bondye li ye; fòk li pa awogan, fòk li pa fè kòlè fasil, fòk li pa renmen bwè alkòl, ni vyolan, ni ap fè lajan yon fason ki fè wont.


Li dwe yon moun ki fidèl ak Pawòl la, jan nou preche l la. Lè sa a, l ap kapab ankouraje lòt moun epi bay yon ansèyman ki dwat. Epitou, l ap kapab konvenk moun k ap bay move ansèyman yo, pou di se pa bon.


Kretyen pa dwe rakonte move bagay sou do moun. Yo dwe viv an pè ak tout moun. Se pou yo janti epi respekte tout moun.


Se mwen menm, Jak, sèvitè Bondye ak Senyè Jezikris, ki voye salye nou. Mwen voye lèt sa a pou tout pèp Bondye a ki gaye toupatou sou latè.


Men, sajès ki soti nan syèl la, li soti nan yon kè ki pwòp. Epi l ap pote lapè ak dousè. L ap chache ini moun. Li plen ak bonte. Li fè anpil bon bagay. Li pa nan patipri, li pa ipokrit.


Nou vle pou n posede yon pil bagay, epi nou pa kapab genyen yo. Lè sa a, nou prèt pou touye moun. Nou jalou, epi nou pa kapab genyen sa n ta vle genyen. Lè sa a, nou nan lit, n ap bat kò nou. Nou pa jwenn sa nou ta vle, paske nou pa mande Bondye l!


Pou fin i, se pou nou gen menm santiman youn pou lòt. Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak sè. Se pou nou gen dousè, epi se pou nou saj.


Byeneme m yo, se pa ti anvi mwen te anvi ekri nou osijè delivrans nou tout ap pataje ansanm lan. Men m santi yon pouse pou m ekri nou sou yon lòt bagay: pou m ka ankouraje nou pou n defann lafwa Bondye bay moun ki apa pou l yo, yon fwa pou tout.


跟着我们:

广告


广告