Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Timote 2:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Yo vire ale lwen verite a epi y ap kraze lafwa plizyè moun, lè y ap di rezireksyon an gentan rive deja.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve sòti vivan nan lanmò deja.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Moun ki te egare kite verite yo nan di ke rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.

参见章节 复制




2 Timote 2:18
16 交叉引用  

Jezi reponn yo: “Si se pa Papa m ki nan syèl la ki plante yon plant, menm rasin li p ap ka ret anba tè.


Jezi reponn, li di yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye.


Grenn ki tonbe nan tè ki gen wòch yo, se tankou moun lè yo tande pawòl la, yo resevwa l ak anpil jwa. Men yo pa pouse rasin. Konsa, yo kwè pou yon ti bout tant, men lè eprèv frape yo, yo vire do bay Bondye.


Men, si sa y ap fè a soti nan Bondye, nou p ap ka kraze li. Fò n fè atansyon pou n pa tonbe nan goumen ak Bondye, paske nou pa ta vle sa. Tout manm konsèy la te dakò ak sa Gamalyèl te di a.”


poutèt fason nou panse a, nou kwè divizyon bon paske l ap montre ki moun ki kwayan toutbon vre.


Men mesaj nou preche tout moun: Kris leve soti vivan anba lanmò. Kounye a, poukisa gen kèk moun pami nou ki di pa gen rezirèksyon pou mò yo?


Poutèt nou se moun ki resisite avèk Kris, nou dwe chache bagay ki soti anwo, bagay ki soti adwat Bondye Papa a kote Kris chita a.


Kontinye fè Bondye konfyans epi gade konsyans ou klè. Gen kèk moun ki refize koute konsyans yo, sa fè lafwa yo fè nofraj.


Lanmou pou lajan lakoz tout kalite move bagay. Gen kèk moun ki gen tan ale byen lwen lafwa, paske yo toujou vle gen plis lajan. Men yo mete pwòp tèt yo nan anpil latwoublay.


Gen moun ki panse yo genyen konesans sa a epi yo vire do bay lafwa. Gras Bondye avè w.


Fè tout moun sonje sa. Devan Bondye, se pou w rekòmande moun yo avèk fòs pou yo pa batay sou yon seri de mo. Sa p ap sèvi anyen, sa ap fin demoli moun k ap koute yo sèlman.


Fòk nou fèmen bouch moun konsa. Y ap detwi yon bann fanmi ak move ansèyman y ap bay. Tout sa y ap chache fè se twonpe moun ak move ansèyman pou fè yo ba yo lajan.


Konsa mwen te fache avèk yo. Mwen te di: Yo toujou ap twonpe pwòp tèt yo. Yo pa janm konprann sa m t ap tann nan men yo.


Frè m ak sè m yo, si gen yon moun ki vire do l bay verite a, epi yon lòt ede l retounen,


Yo te nan mitan nou, men yo pa t fè pati moun pa nou yo. Si yo te moun pa nou, yo t ap rete ak nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè, pyès nan yo pa t fè pati moun pa nou yo.


跟着我们:

广告


广告