Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Timote 2:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Men sa ki sèten: Si nou mouri avèk Kris, n ap viv ansanm avè l tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Sa se pawòl sèten nèt: Si nou mouri avèk li, Avèk li tou, nou va viv.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 “Sa se yon vrè pawòl: Paske si nou te mouri avèk Li, nou va osi viv avèk Li.

参见章节 复制




2 Timote 2:11
12 交叉引用  

Yon ti kras tan ankò lemonn p ap wè m ankò, men nou menm n ap wè m. Nou va viv paske mwen menm mwen vivan.


Kounye a, nou vin fè youn ak li pa mwayen lanmò li. Konsa tou, n ap fè youn ak li nan rezireksyon li.


Men si nou mouri avèk Kris, nou kwè n ap viv avèk li tou.


Se vre Kris la te fèb lè yo te klouwe l sou lakwa, men kounye a, li vivan gras a puisans Bondye. Nou menm tou, nou fèb poutèt nou fè youn ak Kris. Men n ap vivan nan li menm, pa mwayen pouvwa Bondye, lè nou va reyini ansanm avè l.


Se chak minit nou fè eksperyans lanmò Kris la nan pwòp kò nou. Konsa tou, se chak minit moun ka wè lavi Kris la nan nou.


Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, n ap rasanble ak moun ki te mouri yo, pou n monte al rankontre Senyè a nan nyaj yo. Konsa, n ap toujou ansanm ak Senyè a.


Se Jezi ki te mouri pou nou. Konsa, kit nou ta gentan mouri, kit nou vivan, nou pral viv ansanm avèk li, lè li retounen.


Mesaj sa a se verite a, nou dwe resevwa l san ezite: Jezikris te vin nan lemonn pou l sove pechè yo. Mwen menm, mwen se premye nan yo.


Men yon bagay ki sèten: si yon moun vle pou l yon lidè prensipal nan Legliz, se yon bèl bagay li vle fè.


Pawòl sa yo se verite a. Mwen vle w kategorik sou yo, poutèt pou moun ki chita lafwa yo nan Bondye fè tout efò yo pou yo fè anpil pwogrè nan fè sa ki byen. Se kalite lavi kon sa ki bon epi itil pou tout moun.


跟着我们:

广告


广告