Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Tesalonisyen 3:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Senyè a fè nou gen konfyans ou ap fè epi kontinye fè sa nou te di w yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Senyè a fè m gen konfyans nan nou: li ban m lasirans n'ap fè sa m te mande nou fè a, epi n'ap toujou kontinye fè l tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo.

参见章节 复制




2 Tesalonisyen 3:4
18 交叉引用  

Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”


Pou mwen menm frè m ak sè m yo, m sèten nou plen ak bòn volonte. Epitou, nou konnen tout sa nou ta dwe konnen. Nou ka bay youn lòt konsèy.


Epi, si m oze pale sou kèlkeswa bagay mwen fè, se sèlman pou m di sa Kris fè avè m kòm enstriman li. Li sèvi avè m pou l fè moun ki pa Jwif yo vin obeyi Bondye. Li fè yon seri bagay ekstrawòdinè ak pawòl ak aksyon mwen pa mwayen pouvwa Sentespri Bondye a


Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl.


Si ou panse ou se yon pwofèt oswa ou gen yon don espirityèl, ou ta dwe konprann sa m ekri la a se kòmandman Senyè a.


Sikonsi ou pa, sa pa enpòtan. Sa k enpòtan se swiv kòmandman Bondye.


Mwen te ekri nou yon lèt davans pou moun ki la pou fè kè m kontan yo pa t rann mwen tris. Mwen te sèten lè m kontan sa fè nou kontan tou.


Mwen ekri nou pou m k konnen si nou pare pou n obeyi nan tout bagay.


N ap voye avèk yo tou, frè nou an, yon moun nou gen tan teste nan plizyè bagay epi nan plizyè okazyon li montre anpil devouman. Li vin plis devwe toujou paske li fè w konfyans.


Pou mwen menm, mwen konte sou nou nan Senyè a, nou p ap panse okenn lòt fason. Men, kanta pou moun k ap twouble nou an, nenpòt ki moun li ye a, l ap peye sa.


Mwen sèten Bondye ki kòmanse bon travay sa a nan nou an ap kontinye l jouktan li va fini l nan jou Jezi va retounen an.


Zanmi m yo, nou toujou obeyi m nan sa m di nou lè mwen avèk nou. Kounye a mwen pa la, li pi enpòtan ankò pou nou fè sa m mande nou fè. Kontinye viv yon fason ki montre nou se moun sove vre. Fè sa ak anpil respè ak krentif pou Bondye.


Nou konnen ou gen tan ap fè sa deja pou tout frè ak sè Masedwàn yo. Sèl sa n ap mande, se pou n manifeste lanmou nou pi plis toujou.


Nou mande epi ekzòte moun sa yo, avèk otorite Senyè Jezikris, pou yo kòmanse travay byen di epi pou yo manje salè travay yo.


Frè m ak sè m yo, nan non Senyè Jezikris, nou di ou kareman, pran distans ou ak tout moun ki kwè nan Kris epi ki pa vle travay. Moun ki pa vle travay pa swiv ansèyman nou te ba yo a.


Mwen ekri w, paske m konnen ou ap fè sa m mande w la, epi menm plis pase sa.


跟着我们:

广告


广告