2 Tesalonisyen 2:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil3 Pa kite pyès moun twonpe w nan okenn fason. Jou Jezi ap retounen an p ap rive, pazavan moun kòmanse abandone Bondye. Pi plis toujou, Jou sa a p ap vini pazavan moun ki responsab pou fè move bagay la vini, sila a menm ki destine pou destriksyon an. 参见章节1998 Haïtienne3 Pa kite moun woule nou okenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, ap gen yon dènye leve kanpe jeneral k'ap fèt kont Bondye. Nou gen pou nou wè Mechanste a anpèsonn ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen3 Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e nonm peche a, fis a pèdisyon an, ta vin parèt. 参见章节 |
Bèt ou wè a, yon tan li te egziste, men li pa egziste ankò. Li gen pou l monte sot nan twou san fon an epi y ap detwi l. Moun k ap viv sou latè va sezi lè yo va wè bèt la, paske gen yon lè l te vivan, li te vin p ap viv ankò, epi li gen pou l vini ankò. Moun sa yo, se moun ki pa t janm gen non yo ekri nan liv lavi a depi mond lan te kòmanse.