Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Tesalonisyen 2:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Piga kite tèt ou twouble si yon moun ta di Jezi retounen deja. Menm si you moun ta di li jwenn yon pwofesi oubyen yon lèt ki sòti bo kote nou ki ta di Jou Jezi ap retounen an rive deja pa kwè moun sa a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Pa bay moun jwen pou jwe nan lòlòj nou jan yo vle. Ni pa kite yo fè nou pèdi tèt nou ak okenn mesaj ki ta swadizan soti nan Bondye. Ni tou, pa kwè nan okenn bèl diskou, ni okenn lèt mwen ta swadizan ekri nou. Tou sa, kòmkidire jou Senyè a rive deja!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon lespri, ni yon mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.

参见章节 复制




2 Tesalonisyen 2:2
27 交叉引用  

Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib.


Lè nou pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive, men se poko lafen an sa.


Nan pèsevere nan lafwa nan mitan bagay sa yo, n a sove lavi nou.


Lè nou pran nouvèl lagè ak revolisyon k ap fèt, nou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive anvan. Men, se poko lafen an toujou.”


“Kè nou pa bezwen twouble. Se pou n kwè nan Bondye epi kwè nan mwen menm tou.


M ap kite nou ak lapè mwen, m ap ban nou lapè nan jan pa m, se pa menm jan ak lemonn. Se pou nou sispann gen kè kase ak lapèrèz.


Se li menm k ap kenbe nou fèm jiska lafen, pèsòn p ap jwenn anyen pou akize nou, jouktan jou retou Senyè nou an Jezikris rive.


Pwofèt yo gen kontwòl sou jan pou yo egzèse don pwofesi Bondye ba yo a.


Akoz jan tan an ye kounye a, li pi bon pou rete jan w ye a.


Pa kite okenn moun twonpe nou ak yon kantite manti. Se poutèt peche sa yo menm Bondye fache epi li pini moun ki pa vle obeyi l yo.


Nou te voye l pou okenn nan nou pa kite pwoblèm yo pote n ale. Ou konnen deja fòk pwoblèm yo vini.


Mesaj nou pote ba ou a, se Senyè a ki voye l. Nou menm ki vivan toujou lè Jezi retounen, nou p ap pran devan sa yo ki gentan mouri.


Ou konnen deja, lè Senyè a ap retounen an l ap yon gwo sipriz, tankou lè vòlè vin kase kay ou nan nuit.


Se poutèt sa frè m ak sèm yo, kontinye kenbe fèm epi rete dwat nan ansèyman nou te ba ou, swa fasafas swa pa mwayen lèt nou te ekri w.


Se mwen menm Pòl ki ekri salitasyon sa a ak pwòp men mwen. Se kon sa mwen siyen tout lèt mwen yo. Se kon sa mwen ekri.


Men, yo te met men sou bèt la ansanm ak fo pwofèt la epi yo mete yo nan prizon. Fo pwofèt sa a te fè yon bann gwo mirak devan bèt la. Se kon sa li te twonpe moun ki te aksepte mak bèt la epi ki te adore estati l la. Yo jete bèt la ansanm ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife mele ak souf ki t ap boule a.


跟着我们:

广告


广告