Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Tesalonisyen 2:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Frè m ak sèm yo gen yon bagay enpòtan nou dwe di konsènan Jezikris Senyè nou an ki gen pou retounen. Nou ta renmen pale ak ou sou lè nou pral rankontre ak li a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Ann konsidere lè Jezikri, Senyè nou an, va parèt pou l sanble nou ansanm bò kote li. Frè m yo, men sa m'ap mande nou:

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak reyinyon nou ansanm avèk Li a,

参见章节 复制




2 Tesalonisyen 2:1
14 交叉引用  

Pitit Lòm nan gen pou l retounen ak tout pouvwa Papa a, ansanm ak anj yo. Lè sa a, l ap bay chak moun sa yo merite, selon sa yo te fè.


Nou mèt kwè m lè m di nou: kèk nan nou ki la jodi a va wè Pitit Lòm nan lè l ap vini kòm chèf nan wayòm li a.”


Konsa gen yon gwo twonpèt ki va sonnen, epi Pitit Lòm va voye anj li yo nan kat kwen latè pou rasanble moun pa l yo, kelkeswa kote yo.


Apre sa tout nasyon sou latè pral rasanble devan li. L ap separe yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit.


Epi Pitit Lòm nan va voye anj li yo nan kat kwen latè rasanble moun pa l yo kelkeswa kote yo.


Frè ak sè m yo, poutèt Bondye montre nou jan li renmen nou anpil konsa, men sa m ap mande nou: An n ofri tout sa nou ye bay Bondye, tankou yon sakrifis vivan ki sen, epi ki fè l plezi. Lè n gade sa li fè pou nou, se kon sa vrèman vre nou ta dwe adore l.


Bondye t ap ranje tout bagay pou fè plan an reyalize lè moman an ta rive. Plan li, se pou l reyini tout bagay ki nan syèl la ak sa ki sou latè, pou li rasanble yo tout, menm jan ak yon kò, avèk Kris kòm tèt.


Se ou menm ki reprezante espwa nou, lajwa nou ak kouwòn nou, lè Jezi Senyè nou an retounen.


Se pou Senyè a fòtifye kè nou pou l ka vin san repwòch epi sen nèt devan Bondye Papa a, lè Jezikris Senyè nou ap retounen ak moun pa l yo.


Frè m ak sè m yo, nou gen kèk lòt bagay nou vle di ou. N ap mande ou epi ankouraje ou nan non Senyè Jezi, jan nou te anseye w la, epi jan ou gen tan ap fè l, pou ou kontinye viv pou fè Bondye plezi pi plis chak jou.


Nou toujou di Bondye mèsi pou ou. Se sa nou dwe fè, paske lafwa ak lanmou ou ap grandi pi plis chak jou. Wi, se rezon sa a menm ki fè nou gen remèsiman nan kè nou, paske lanmou nou genyen nan kè nou youn pou lòt, nan Tesalonik, ap grandi tou.


Men sa m ap mande w ak tout fòs mwen, nan prezans Bondye ak nan prezans Jezikris ki gen pou vin jije vivan kou mò, epi pou tabli wayòm li a.


跟着我们:

广告


广告