Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Tesalonisyen 1:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Yo vire do bay Senyè a ak tout gwo pouvwa li genyen. Bondye ap fè w jistis; yo va gen pou peye sa. Pinisyon yo se va lanmò etènèl.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Senyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Senyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a.

参见章节 复制




2 Tesalonisyen 1:9
38 交叉引用  

Pitit Lòm nan gen pou l retounen ak tout pouvwa Papa a, ansanm ak anj yo. Lè sa a, l ap bay chak moun sa yo merite, selon sa yo te fè.


Apre sa wa a di sèvitè l yo: Mare de pye l mare de bra l, epi voye l jete nan fènwa deyò a, kote k ap gen kriye ak manje dan an.


Lè sa a, ap gen yon siy ki parèt nan syèl la ki montre Pitit Lòm nan ap vini. Tout pèp sou latè pral pete gwo rèl. Tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.


Apre sa l ap di sa k sou bò gòch li yo: Rale kò nou sou mwen, bann moun modi! Ale nan dife lanfè ki te prepare pou dyab la ak anj li yo.


Apre sa, moun ki te renmen fè mal yo pral resevwa yon pinisyon etènèl. Moun ki jis yo pral resevwa lavi etènèl.”


Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa a pou l pa t janm fèt.”


Lè sa a m ap di yo klè: Kote m konnen nou! Rale kò nou sou mwen bann pechè pwofesyonèl.


Li menm l a reponn nou: Mwen pa konnen nou. Mwen pa menm konnen ki kote nou soti. Retire nou devan mwen, bann moun k ap fè move zak!


Pita, Jezi jwenn nonm nan nan tanp lan, epi li di li: “Ou wè, ou geri. Sispann peche, sinon yon pi move bagay riske rive w!”


Yo gen pou yo fini mal. Pou yo menm, se vant yo ki bondye yo. Sa ki pi rèd, wont yo se fyète yo. Y ap panse ak bagay latè.


Lè moun ap di: “Nou gen lapè ak sekirite,” se lè sa a malè pral tonbe sou yo sanzatann, menm jan ak lè tranche pran yon fanm ansent, yo p ap gen okenn mwayen pou yo evite soufrans la.


Lè Malfèktè a va parèt aklè, Jezi ap touye l ak souf bouch li sèlman. Se jan Segnè a ap vini nan laglwa li menm k ap touye malveyan sa a.


Se kon sa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt.


Alò, reflechi pou nou wè ki gwo pinisyon ki rezève pou moun ki meprize Pitit Bondye a, moun ki montre yo pa gen okenn respè pou san sakrifis ki te kòmanse nouvo kontra a epi ki te rann nou pwòp la, oubyen moun ki pale Sentespri ki fè nou gras la mal.


Fo pwofèt sa yo, se tankou sous ki pa gen dlo. Yo tankou nyaj gwo van ap pouse. Gen yon plas ki rezève pou yo kote ki fènwa anpil la.


Poutan se menm pawòl sa a ki deklare syèl ak tè nou genyen kounye a rezève pou dife detwi yo, nan jou jijman kote Bondye pral pini moun ki kont li yo.


Y ap repann vye aksyon sal yo yon fason tout moun ap gade, menm jan lanm lanmè k ap jete vye fatra sou plaj yo. Yo se menm jan ak zetwal ki pa konnen ki kote pou yo ale. Bondye rezève pou yo yon plas nan kote ki pi fenwa a.


Apre sa, m wè yon gwo fotèy blan ki te gen yon moun chita sou li. Tè a ak syèl la te pran kouri devan l. Yo disparèt nèt.


Apre sa, lanmò ansanm ak kote mò yo ye a, yo te voye yo jete nan letan dife a. Letan dife a se dezyèm lanmò a.


Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”


Yo va rete deyò, bann chen yo, moun k ap fè sòsye yo, moun ki imoral yo, asasen yo, moun k ap adore zidòl yo, ansanm ak tout moun ki pran plezi yo nan bay manti.


跟着我们:

广告


广告