Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Tesalonisyen 1:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Jezi ap vini ak dife byen wouj pou l pini tout moun ki pa konnen Bondye yo, moun ki refize aksepte Bòn Nouvèl konsènan Jezi, Segnè nou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 L'a parèt nan mitan gwo flanm dife pou pini tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bòn nouvèl ki pale sou Jezi, Senyè nou an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou a.

参见章节 复制




2 Tesalonisyen 1:8
59 交叉引用  

Apre sa l ap di sa k sou bò gòch li yo: Rale kò nou sou mwen, bann moun modi! Ale nan dife lanfè ki te prepare pou dyab la ak anj li yo.


Apre sa, moun ki te renmen fè mal yo pral resevwa yon pinisyon etènèl. Moun ki jis yo pral resevwa lavi etènèl.”


Men sa k fè yo kondane: Limyè a te vini nan lemonn. Men, yo pa vle limyè a. Yo pito fènwa, paske y ap fè sa ki mal.


Moun yo mande l: “Ki kote Papa w ye?” Jezi reponn yo: “Nou pa konnen m, nou pa konn Papa m. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m.”


Ansèyman mesaj Bòn Nouvèl la te kontinye gaye toupatou. Epi gwoup kwayan nan Jerizalèm yo pa t sispann ogmante. Ata sakrifikatè yo te vin mete konfyans yo nan Kris la pa ban ak pa pakèt.


Poutèt yo pa t wè sa enpòtan pou yo chache konnen toutbon vre ki lès Bondye ye, Bondye te lage yo pou kite yo swiv tout move lide lespri yo. Konsa, yo te fè anpil bagay yo pa t dwe fè.


Bondye montre m bonte li pa mwayen Jezikris. Li ban m otorite pou m ale pou m ka fè tout moun nan tout nasyon kwè nan li epi obeyi l. Tout travay sa a, se pou li menm sèl. M fè tout sa pou m fè lwanj pou Kris.


Men, se pa yo tout ki obeyi sa Levanjil la di. Se poutèt sa Ezayi te di: “Senyè, ki moun ki kwè nan mesaj nou?”


Epi, si m oze pale sou kèlkeswa bagay mwen fè, se sèlman pou m di sa Kris fè avè m kòm enstriman li. Li sèvi avè m pou l fè moun ki pa Jwif yo vin obeyi Bondye. Li fè yon seri bagay ekstrawòdinè ak pawòl ak aksyon mwen pa mwayen pouvwa Sentespri Bondye a


Mistè sa a devwale jodi a, pa mwayen sa pwofèt yo te ekri dapre lòd Bondye te bay. Tout nasyon yo vin konnen sa kounye a, poutèt pou yo ka obeyi ak lafwa nan Bondye.


Nou sipoze konnen lè yon moun lage kò l bay yon bagay pou l fè tout sa l vle avè l, li vin esklav bagay sa a. Nenpòt bagay oubyen nenpòt moun w ap swiv, se mèt ou li ye. Ou ka swiv peche, oubyen Bondye. Swiv peche mennen nan lanmò espirityèl, men lè w ap obeyi Bondye, ou vin jis devan li.


Tounen vin nan bon sans ou! Ou ta dwe sispann fè peche! Gen pami nou moun ki pa konnen Bondye. Sa se yon wont pou nou!


n ap detwi tout vye panse ògeye ki opoze ak konesans Bondye. N ap mete tout panse anba kòd pou fè yo obeyi Kris la.


Nou menm moun peyi Galasi, ala nou san konprann! Jan m te byen anseye nou Bòn Nouvèl la. Mwen te prezante nou Jezikris kòm yon moun ki mouri sou kwa a. Èske yon moun te itilize puisans Satan pou jwe nan lespri nou pou fè nou bliye?


Nan tan pase, nou menm moun Galasi, nou pa t konn Bondye. Nou te esklav lòt dye yo, bagay ki pa t dye vrèman.


Pa kite se pasyon lachè ki kontwole lavi nou menm jan ak moun sa yo ki pa konnen Bondye.


Si nou kontinye nan peche, sèl sa ki rete pou nou se pare tann jou tèrib jijman an avèk dife ki pa ret ak dife ki gen pou detwi sila yo ki nan rebelyon kont Bondye.


Nou konnen byen sa Bondye di: “M ap kontre ak moun k ap fè mal yo; m ap ba yo sa yo merite.” Li di ankò: “Senyè a gen pou jije pèp li a.”


Abraram te gen lafwa nan Bondye. Bondye rele Abraram pou l kite peyi l pou l te ale yon lòt kote li te pwomèt l ap ba li. Abraram te pati, menm lè li pa t menm konnen ki kote l prale.


paske Bondye nou an se yon dife ki ka kraze brize.


Konsa, se yon bagay ki sèten, si nou neglije kalite delivrans Bondye ap ofri nou jodi a, n ap jwenn pinisyon pou sa tou. Delivrans sa a, se Senyè a menm ki te anonse l an premye. Epi moun ki te tande l yo bay prèv se yon mesaj ki chita sou verite a.


Sa fè l tounen yon granprèt ki san defo. Li fè pwovizyon pou tout moun ki obeyi l jwenn yon delivrans ki la pou tout tan.


Bondye te planifye lontan davans pou l te chwazi nou epi pou l te fè nou tounen yon pèp apa pou li pa mwayen travay Sentespri a. Bondye vle n obeyi l epi li vle pou san Jezikris ki te koule a fè nou pwòp nèt. M ap priye pou Bondye beni nou epi ban nou gras ak lapè li an abondans.


Tankou Sara ki te obeyi Abraram jouk li te rele l: “Mèt mwen.” Nou se pitit fi Sara si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen.


Li lè pou jijman an kòmanse, epi se pèp Bondye a k ap jije anvan. Si l kòmanse avèk nou. Nou pa bezwen mande kisa ki pral rive moun ki pa aksepte Levanjil la.


Poutan se menm pawòl sa a ki deklare syèl ak tè nou genyen kounye a rezève pou dife detwi yo, nan jou jijman kote Bondye pral pini moun ki kont li yo.


Sonje tou sa k te rive Sodòm ak Gomò ansanm ak lòt vil ki te toutotou yo. Sete menm jan ak move zanj yo. Yo te fè peche seksyèl, yo te menm rive fè sèks ak kreyati ki pa moun. Poutèt sa, yo te kondane pou lanfè etènèl la. Sa se te pou trase yon egzanp pou tout moun.


Epi dyab la ki t ap twonpe tout nasyon yo, yo voye l nan yon letan dife ak souf, menm kote ak bèt la, ansanm ak fo pwofèt la. Yo va nan toumant lajounen kou lannuit pou tout tan gen tan.


Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”


Yo t ap kriye byen fò pou di: “Senyè sen, Senyè toutbon vre, jis ki tan ou va fè n jistis, jis ki tan ou va vanje san nou sou tout moun ki rete sou latè?”


跟着我们:

广告


广告