Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Tesalonisyen 1:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Tout bagay sa yo se prèv Bondye gen rezon nan jan li deside. Bondye ba w yon privilèj pou w montre kouman moun wayòm Bondye a viv. Soufrans ou jodi a se pou wayòm nan menm li ye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte kounyeya, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.

参见章节 复制




2 Tesalonisyen 1:5
28 交叉引用  

Men, moun ki gen pou resisite yo epi viv nan lòt lavi ki gen pou vini an p ap nan koze marye.


Kidonk, se pou n toujou pare tout tan. Priye pou n kapab chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive epi pou nou ka kanpe devan Pitit Lòm nan.”


Men, Pòl ak Banabas pa t kraponnen, yo di: “Nou te gen pou n pwoklame Bòn Nouvèl Bondye a bay nou menm jwif yo anvan, men nou refize tande l. Sa vle di nou pa konsidere tèt nou kòm moun ki bon ase pou n gen lavi etènèl la. Kidonk, kounye a nou pral kòmanse preche moun lòt nasyon yo.


Pòl ak Banabas fòtifye kwayan yo nan tout vil sa yo, yo ankouraje yo pou yo kontinye kenbe lafwa yo fèm nan Bondye. Yo di disip yo: “Nou gen pou n sibi anpil pèsekisyon pandan nou sou wout pou n antre nan Wayòm Bondye a.”


Men ou derefize Konprann, ou pa vle chanje. Konsa, w ap prepare pwòp kondanasyon w. W ap jwenn kondanasyon w nan jou Bondye va montre kolè li a. Lè sa a, tout moun va wè Bondye gen rezon nan jijman li.


Poutèt nou se pitit Bondye, n ap resevwa pòsyon pa nou nan byen Bondye pwomèt moun pa l yo. L ap ban nou tout sa li gentan bay Jezikris. Si jodi a nou gen pòsyon soufrans pa nou menm jan ak li, n ap gen pòsyon laglwa pa nou avèk li tou.


Mwen menm ki yon prizonye paske m ap sèvi Jezikris, m ap mande nou, nou menm Bondye rele, pou nou viv yon jan ki fè lwanj pou Bondye.


Nou p ap pè sa yo ki kont nou. Kouray nou sèvi kòm prèv. Moun ki kont nou yo se moun pèdi yo ye, men nou menm, nou se moun sove. Se Bondye menm k ap fè sa.


Epi di Bondye Papa a mèsi ak anpil jwa nan kè nou, paske li fè nou kalifye pou nou ka jwenn nan eritaj li rezève nan wayòm limyè a pou moun pa l yo.


Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide, legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete.


Se pou rezon sa a menm nou toujou priye pou ou, pou Bondye nou an fè lavi w vin yon egzanp chak jou pi plis nan jan li vle w viv. Nou priye, nan puisans li, pou li ede w fè tout sa ou ta renmen fè ki byen dapre lafwa ou genyen.


Si nou rete fidèl menm nan soufrans, n ap renye avè l tou. Si nou refize di nou konnen l, l ap refize di li konnen nou tou.


Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè. Tout pèp va fè lwanj pou non ou. Se ou sèl ki sen. Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w, paske jijman ou fè yo dwat.”


Epi m tande lotèl la di: “Wi, Senyè Bondye toupuisan an, jijman w yo fèt ak jistis epi yo dwat.”


Jijman l yo reyèl epi yo jis. Bondye nou an pini pwostitye a. Se li menm ki fini ak latè nèt ak peche seksyèl li. Bondye pini pwostitye a pou l vanje lanmò sèvitè l yo.”


Men, ou gen kèk moun avè w, nan Sad, yo pa sal rad yo. Y ap mache ansanm ak mwen, abiye toudeblan, paske yo merite sa.


跟着我们:

广告


广告