Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Tesalonisyen 1:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Nou di lòt legliz Bondye yo kijan nou fyè pou jan ou ye a. Nou pale yo de pasyans ou, de andirans ou epi tou de lafwa ou nan mitan pèsekisyon, nan mitan latwoublay.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Se sa k fè, sa fè m plezi pou m nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo.

参见章节 复制




2 Tesalonisyen 1:4
24 交叉引用  

Se pou n gen kè kontan poutèt espwa nou genyen. Nan lafliksyon, se pou n gen pasyans. Se pou nou toujou rete nan lapriyè.


Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl.


Men, nou gen espwa nou sou yon bagay nou pako wè. N ap tann li ak pasyans.


Sèlman, se pou chak moun kontinye viv selon lòd Senyè a ba li ak nan kondisyon Bondye te rele l la. Sa se prensip mwen bay kwayan nan tout legliz yo pou yo swiv.


Wi, si se pou Kris, mwen aksepte ak kè kontan feblès mwen yo. Mwen aksepte ak kè kontan jouman, nesesite, pèsekisyon ak moman difisil. Rezon: lè m fèb se lè sa a m pi fò.


Mwen te di Tit janm fyè de nou, epi nou pa fè anyen pou ta fè m wont. Nou toujou di w verite a, epi sa nou te di Tit de ou menm nan te pwove se te verite a.


Mwen santi m kapab fè n gen anpil konfyans. Mwen fyè de nou. Malgre tout pwoblèm mwen rankontre avèk nou, mwen santi m kontan anpil epi mwen jwenn anpil ankourajman.


Mwen konnen devouman nou pou nou ede, epi mwen gentan di moun Masedwàn yo kijan mwen fyè de nou. Mwen di yo: kretyen pwovens Akayi yo gentan pare depi ane pase pou ofrann nan. Lè yo tande devouman nou, sa te ankouraje anpil moun, yo te pare pou yo bay.


Si gen moun ki soti Masedwàn ki vini avèk mwen, epi pou yo ta jwenn nou pa pare, m ap wont. M ap wont, paske mwen tèlman kwè nan nou. Ou menm tou, w ap wont!


Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.


Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide, legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete.


Se ou menm ki reprezante espwa nou, lajwa nou ak kouwòn nou, lè Jezi Senyè nou an retounen.


Nou priye pou Senyè a pran direksyon kè w. Lè sa a, ou va renmen Bondye epi ou ap vin gen pasyans menm jan ak Kris.


Nou bezwen pasyans pou n fè sa Bondye vle nou fè, epi pou n jwenn sa l pwomèt nou.


Nou pa vle nou vin parese. Nou vle nou vin menm jan avèk sila yo ki pral resevwa tout sa Bondye te pwomèt l ap bay yo poutèt lafwa ak pasyans yo.


Abraram te tann ak pasyans. Abraram te resevwa sa Bondye te pwomèt la.


Gade non! Moun ki aksepte soufrans yo avèk pasyans, nou di se moun ki beni. Ou konn tande pale sous soufrans Jòb, yon nonm ki te gen anpil pasyans. Nou konnen kijan Senyè a te beni l nan lafen an. Sa montre nou Senyè a plen mizerikòd ansanm ak konpasyon.


mete ladrès nan kontwole tèt nou sou konesans nou; mete pasyans sou ladrès nan kontwole tèt nou; mete devouman pou Bondye sou pasyans nou;


Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo, moun k ap obeyi kòmannman Bondye epi ki kwè nan Jezi, yo dwe gen pasyans.


跟着我们:

广告


广告