Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Tesalonisyen 1:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Nou toujou di Bondye mèsi pou ou. Se sa nou dwe fè, paske lafwa ak lanmou ou ap grandi pi plis chak jou. Wi, se rezon sa a menm ki fè nou gen remèsiman nan kè nou, paske lanmou nou genyen nan kè nou youn pou lòt, nan Tesalonik, ap grandi tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Se yon devwa pou nou pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè mwen yo. Wi, se devwa nou pou nou fè li vre. Paske konfyans nou nan Bondye ap grandi anpil. Renmen nou gen yonn pou lòt la ap grandi plis toujou tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou.

参见章节 复制




2 Tesalonisyen 1:3
26 交叉引用  

Men li te nesesè jodi a pou nou fete, pou nou rejwi, paske frè w la te mouri, li resisite; li te pèdi, nou rejwenn ni.”


Lè sa a, apot yo di Jezi konsa: “Enben, ogmante lafwa nou.”


Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou.


Premye bagay m ta renmen di se remèsye Bondye pou nou tout, pa mwayen Jezikris. M di Bondye mèsi paske moun tout kote sou latè ap di kijan nou se moun ki gen anpil lafwa.


Mwen p ap janm sispann di Bondye mèsi pou nou pou benediksyon li ba nou paske nou nan Jezikris.


Nou p ap vante tèt nou ni chache pran kredi pou travay lòt moun te fè. Souwè nou, se paske pandan lafwa ou ap kontinye fè pwogrè, ou ap ede travay n ap fè a kontinye grandi epi ale pi lwen.


Nan non Senyè Jezikris, toujou di Bondye, Papa a, mèsi pou tout bagay.


M gen rezon pou m panse de nou tout konsa, paske m pote nou nan kè m. Nou tout te ede m nan tout favè Bondye fè m, non sèlman pandan m nan prizon an, men tou, lè m te lib epi m t ap defann mesaj Levanjil la nan montre moun chemen verite a.


Men ki priyè mwen fè pou nou: Se pou lanmou ki nan kè nou an kontinye grandi plis toujou. Se pou nou gen tout kalite konesans ak bon konprann,


Se pou Senyè pèmèt lanmou nou youn pou lòt grandi pi plis toujou. Se pou l vin menm jan ak lanmou nou gen pou ou ak pou tout moun nèt.


Men Timote fè k retounen ak bon jan nouvèl sou kalite lafwa ou ak lanmou ou. Li fè nou konnen kijan ou toujou sonje nou tou. Li di nou: se pa nou sèlman ki anvi wè w, ou anvi wè nou tou.


Nou p ap janm fin rive di Bondye mèsi ase pou jan nou santi nou kontan lè nou pran nouvèl ou nan lafwa.


Frè m ak sè m yo, nou gen kèk lòt bagay nou vle di ou. N ap mande ou epi ankouraje ou nan non Senyè Jezi, jan nou te anseye w la, epi jan ou gen tan ap fè l, pou ou kontinye viv pou fè Bondye plezi pi plis chak jou.


Frè m ak sèm yo gen yon bagay enpòtan nou dwe di konsènan Jezikris Senyè nou an ki gen pou retounen. Nou ta renmen pale ak ou sou lè nou pral rankontre ak li a.


Men nou dwe toujou di Bondye mèsi pou ou menm, frè m ak sèm yo, nou menm Senyè renmen. Wi, Bondye chwazi nou pami premye moun ki pou sove yo. Bondye sove nou paske Sentespri a fè nou kapab adore Bondye sèlman epi kwè nan verite a.


Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou.


Pandan m ap viv sou tè sa a toujou, m kwè se jis pou fè n toujou sonje bagay sa yo.


Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikris. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.


跟着我们:

广告


广告