Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Pyè 3:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Yo pral di: “Jezi te pwomèt l ap retounen, kote l? Zansèt nou yo mouri, epi depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn, bagay yo rete jan yo te ye, depi lakreyasyon”.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Y'a di: Kote pwomès li te fè nou an? Li pa te di li t'ap vini! Depi sou tan zansèt nou yo jouk jodi a, tout bagay rete menm jan an depi latè fin kreye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 epi yo va di: “Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.”

参见章节 复制




2 Pyè 3:4
20 交叉引用  

Pitit Lòm nan gen pou l retounen ak tout pouvwa Papa a, ansanm ak anj yo. Lè sa a, l ap bay chak moun sa yo merite, selon sa yo te fè.


Nou mèt kwè m lè m di nou: kèk nan nou ki la jodi a va wè Pitit Lòm nan lè l ap vini kòm chèf nan wayòm li a.”


Kote kadav la ye, se la votou yo ap rasanble.


Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen?


Men lè Bondye te kreye lemonn, se pa yon gason ak yon fi l te kreye?


Paske dezas ki gen pou rive nan jou sa a ap pi grav pase tout sa ki te rive deja depi Bondye te kreye lemonn. Epi p ap janm gen yon lòt tankou l.


Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? Epi li kòmanse ap bat lòt sèvitè yo ak sèvant yo tou epi li tonbe bwè jouk li vin sou.


Apre sa, Etyèn tonbe ajenou, li rele byen fò, li di: “Senyè, tanpri pa mete peche sa a sou kont yo.” Fini l fin di sa a, Etyèn mouri.


Se ou menm ki reprezante espwa nou, lajwa nou ak kouwòn nou, lè Jezi Senyè nou an retounen.


Nou dwe ap tann jou Senyè a rive epi swete li vini prese prese. Lè jou sa a va rive, dife ap detwi syèl la epi tout sa ki nan syèl la ap fonn.


Ekri voye bay anj legliz Lawodise a, di l konsa: Moun ki rele Verite a, ki pale selon verite a, moun ki sous kreyasyon Bondye a, men kisa l voye di w:


跟着我们:

广告


广告