Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Pyè 3:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Li enpòtan pou n konnen kijan sa pral pase nan dènye tan an. Se nan rizib moun pral pase nou, poutèt ansèyman nou te resevwa a. Yo pral kontinye viv nan move bagay sal yo vle fè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt k apral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konnen sa dabò, ke nan dènye jou yo mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo,

参见章节 复制




2 Pyè 3:3
17 交叉引用  

Yon moun ki rejte m epi ki pa fè ka pawòl mwen, li gentan gen jij li: Pawòl mwen yo, se yo k ap jije li nan dènye jou a.


Men, nou voye jete tout metòd mètdam ak tout sa ki ka fè moun wont. Nou pa sèvi blòf ni nou pa defòme pawòl Bondye. Okontrè, nou anseye tout verite a. Konsa, nou prezante nou aklè devan konsyans lèzòm ak devan Bondye.


Ou dwe konnen sa: nan dènye jou yo, pral gen tan ki difisil.


Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen.


Sa ki pi enpòtan, se pou n konnen pa gen okenn pwofesi nan Bib la yon pwofèt ka bay ak pwòp konpreyansyon l.


Pinisyon sa a se pou moun ki toujou ap swiv move dezi feblès lèzòm nan lachè yo, pou moun ki rayi otorite Bondye. Yo fè sa yo vle, epi yo gen fyète pou pwòp tèt yo. Yo pa pè anyen, yo pa menm pè di move pawòl kont kreyati ki gen anpil glwa.


Pitit byeneme m yo, nou nan dènye tan an! Nou tande lènmi kris la ap vini. Kounye a menm gen anpil lènmi kris ki deja la. Se sa ki fè nou konnen nou nan dènye tan an.


Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.


Yo te di: “Nan dènye tan yo, pral gen moun k ap pase Bondye nan betiz epi y ap viv jan yo vle nan swiv move tandans kè yo.”


跟着我们:

广告


广告