Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Pyè 3:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Nou dwe ap tann jou Senyè a rive epi swete li vini prese prese. Lè jou sa a va rive, dife ap detwi syèl la epi tout sa ki nan syèl la ap fonn.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Konsa, pandan n'ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fè sa nou kapab pou nou fè l rive pi vit toujou. Jou sa a, syèl la pral disparèt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a!

参见章节 复制




2 Pyè 3:12
17 交叉引用  

Pitit Lòm nan gen pou l retounen ak tout pouvwa Papa a, ansanm ak anj yo. Lè sa a, l ap bay chak moun sa yo merite, selon sa yo te fè.


Nou mèt kwè m lè m di nou: kèk nan nou ki la jodi a va wè Pitit Lòm nan lè l ap vini kòm chèf nan wayòm li a.”


Mwen sèten Bondye ki kòmanse bon travay sa a nan nou an ap kontinye l jouktan li va fini l nan jou Jezi va retounen an.


Se kon sa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt.


Lè Senyè a ap vini, se sanzatann, menm jan ak lè yon vòlè ap vin vòlè. Jou sa a, syèl la ap fè yon bri tèrib epi l ap disparèt. Dife ap detwi tout bagay yo ki nan syèl la. Tè a ansanm ak zak abitan l yo pral jije.


Poutèt se kon sa tout bagay sa yo gen pou yo detwi, konprann byen sa n dwe fè! Fòk nou gen yon konduit ki sen, ki montre atachman nou ak Bondye.


Yo pral di: “Jezi te pwomèt l ap retounen, kote l? Zansèt nou yo mouri, epi depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn, bagay yo rete jan yo te ye, depi lakreyasyon”.


Poutan se menm pawòl sa a ki deklare syèl ak tè nou genyen kounye a rezève pou dife detwi yo, nan jou jijman kote Bondye pral pini moun ki kont li yo.


Rete nan lanmou Bondye. Mete konfyans ou nan Senyè Jezikris. Nan mizerikòd li, l ap ban w lavi etènèl.


跟着我们:

广告


广告