Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Pyè 3:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Lè Senyè a ap vini, se sanzatann, menm jan ak lè yon vòlè ap vin vòlè. Jou sa a, syèl la ap fè yon bri tèrib epi l ap disparèt. Dife ap detwi tout bagay yo ki nan syèl la. Tè a ansanm ak zak abitan l yo pral jije.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Men, jou Senyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l va boule, y'ap tounen sann.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.

参见章节 复制




2 Pyè 3:10
36 交叉引用  

Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen la pou tout tan.


Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen p ap janm pase.


Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit la vòlè ap vini, li pa t ap kite l kase kay la.


Tout sa Bondye te kreye tonbe anba madichon ki anpeche yo jan Bondye vle pou yo ye a. Se pa t pwòp chwa pa l, men se Bondye ki fè sa rive kon sa avèk espwa sa:


Se li menm k ap kenbe nou fèm jiska lafen, pèsòn p ap jwenn anyen pou akize nou, jouktan jou retou Senyè nou an Jezikris rive.


Livre nonm nan bay Satan, pou lachè a ka detwi epi pou lespri a ka sove lè Senyè a retounen.


Nou konnen ou konprann anpil bagay deja, men nou vle pou w santi w fyè poutèt nou, menm jan nou gen pou n fyè pou ou nan jou retou Senyè nou an, Jezikris.


Ou konnen deja, lè Senyè a ap retounen an l ap yon gwo sipriz, tankou lè vòlè vin kase kay ou nan nuit.


Men kanta nou menm frè m ak sè m yo, ou p ap viv nan fènwa. Konsa jou sa a p ap ban nou sipriz tankou jan vòlè fè.


Poutèt se kon sa tout bagay sa yo gen pou yo detwi, konprann byen sa n dwe fè! Fòk nou gen yon konduit ki sen, ki montre atachman nou ak Bondye.


Nou dwe ap tann jou Senyè a rive epi swete li vini prese prese. Lè jou sa a va rive, dife ap detwi syèl la epi tout sa ki nan syèl la ap fonn.


Poutan se menm pawòl sa a ki deklare syèl ak tè nou genyen kounye a rezève pou dife detwi yo, nan jou jijman kote Bondye pral pini moun ki kont li yo.


Epi sonje tou, istwa yon seri zanj ki te pèdi otorite yo, yo te kite demè yo. Senyè a anchennen yo pou tout tan nan fènwa pou tann gran jijman fin al la.


“Tande sa! M ap vini sanzatann, menm jan ak yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, epi ki rete tou abiye. Yo p ap mache toutouni sou moun, pou yo pa wont lè moun wè yo toutouni.”


Apre sa, m wè yon gwo fotèy blan ki te gen yon moun chita sou li. Tè a ak syèl la te pran kouri devan l. Yo disparèt nèt.


Lè sa a, m wè yon syèl ak yon tè nouvo. Premye syèl la ak premye tè a te disparèt. Epi pa t gen lanmè ankò.


Sonje kijan ou te resevwa pawòl la ak jan ou te tande l, repanti w epi mete l an pratik. Si ou pa fè atansyon, m ap vin menm jan ak yon vòlè, ou p ap menm konnen kilè m ap rive sou ou.


Syèl la te retire kò l, menm jan ak yon woulo liv yo woule pou fèmen l. Tout gwo mòn yo ak tout zile yo te deplase kote yo te ye.


跟着我们:

广告


广告