Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Pyè 2:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Paske, menm zanj nan syèl la ki te peche, Bondye pa t kite yo ale san l pa t pini yo, li voye yo nan lanfè etènèl. Li mete yo nan prizon fènwa pou tann jou jijman yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Bondye pa te fè pa zanj ki te peche yo. Li te lage yo nan touman. Li mete yo nan fènwè a. Y'ap rete la pou tann jijman.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske si Bondye pa t epagne zanj yo lè yo te peche a, men te voye yo nan labim tenèb ki te rezève pou jijman an;

参见章节 复制




2 Pyè 2:4
25 交叉引用  

Apre sa l ap di sa k sou bò gòch li yo: Rale kò nou sou mwen, bann moun modi! Ale nan dife lanfè ki te prepare pou dyab la ak anj li yo.


Yo te rele byen fò: “Pitit Bondye a, ki rapò nou gen avè w? Èske ou vin pou toumante nou anvan lè a rive?”


Jezi te kòmanse ap di: “Espri enpi, soti nan nonm sa a.” Lè sa a, li kriye byen fò epi li di: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la? Tanpri souple, pwomèt mwen, o non de Dye, ou p ap toumante m!”


Jezi di yo konsa: “Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou yon zèklè.


Lespri yo te pran soupriye Jezi pou l pa t voye yo ale nan gwo tou san fon an.


Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.


Paske, si Bondye pa prezève Jwif yo, yo menm ki se vrè branch yo, ou dwe fè atansyon, paske li p ap prezève w nonplis si ou sispann kwè.


Menm pwòp pitit li Jezikris Bondye pa anpeche l soufri pou nou, li te livre l pou nou tout. Sa fè nou kwè Bondye p ap manke ban nou tout bagay ak Jezikris, pitit li a.


Poutan, zanj yo ki gen plis puisans epi ki pi fò pase lèzòm, yo pa janm akize yo nan prezans Senyè a.


Bondye pa t epanye pèp mechan yo ki t ap viv nan tan lontan. Li voye yon gwo lavalas dlo pou detwi pèp ki te kont li yo. Men li te sove Noye ansanm ak sèt lòt moun. Noye se te yon moun ki t ap preche pou moun viv yon fason ki dwat.


Konsa, nou wè, Bondye konnen kijan pou l prezève moun ki fè lwanj pou li yo. L ap sove yo anba latwoublay yo. Epi Bondye ap kenbe mechan yo pou l ka pini yo nan jou jijman an.


Sila a k ap fè peche soti nan Satan, paske depi soti nan kòmansman, Satan ap fè peche. Men rezon ki fè Pitit Bondye a te vini: Pou detwi zèv Satan yo.


Y ap repann vye aksyon sal yo yon fason tout moun ap gade, menm jan lanm lanmè k ap jete vye fatra sou plaj yo. Yo se menm jan ak zetwal ki pa konnen ki kote pou yo ale. Bondye rezève pou yo yon plas nan kote ki pi fenwa a.


Epi sonje tou, istwa yon seri zanj ki te pèdi otorite yo, yo te kite demè yo. Senyè a anchennen yo pou tout tan nan fènwa pou tann gran jijman fin al la.


Epi dyab la ki t ap twonpe tout nasyon yo, yo voye l nan yon letan dife ak souf, menm kote ak bèt la, ansanm ak fo pwofèt la. Yo va nan toumant lajounen kou lannuit pou tout tan gen tan.


跟着我们:

广告


广告