2 Pyè 2:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil3 Fo doktè sa yo, se lajan ase yo vle fè. Poutèt sa, y ap sèvi avè n epi rakonte nou yon bann istwa ki pa verite a. Pou moun sa yo, jijman yo pare lontan deja, kondanasyon yo p ap dòmi. 参见章节1998 Haïtienne3 Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen3 Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi. 参见章节 |
Nan tan pase, te gen fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a. Se menm bagay la ki pral rive nou. Nou pral genyen kèk fo doktè nan gwoup nou yo. Yo pral ansenye bagay ki fo, yon bann bagay k ap mennen moun sou chemen destriksyon. Epi fò n entèlijan pou n rive wè sa y ap di a pa bon nan jan yo ansenye a. Yo menm ap rive pa swiv Senyè a ki te sove yo. Epi se kon sa y ap detwi pwòp tèt yo.
Gen kèk moun ki foure kò yo an kachèt pami nou. Se yon bann moun ki gentan kondane deja poutèt sa y ap komèt. Depi lontan Ekriti Sent yo te gentan anonse chatiman yo. Se moun ki kont Bondye yo ye. Y ap tòde sans mesaj gras Bondye a, pou yo kapab jistifye imoralite y ap komèt. Epi yo refize swiv Jezikris, ki se sèl Mèt ak sèl Senyè nou an.