Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Pyè 2:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Konsa yo va soufri. Se kon sa y ap jwenn sa yo merite pou sa yo te fè. Se yon plezi pou yo, lè yo komèt move zak deprave gwo lajounen. Lè y ap manje ansanm avè nou, yo pran plezi yo nan bay manti. Prezans yo bay moun kè plen, prezans yo fè moun wont.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Yo gen pou yo soufri pou tou sa yo te fè moun soufri. Yo pran plezi fè debòch gwo lajounen. Se yon wont, se yon eskandal lè moun sa yo k'ap pran plezi yo nan fè sa ki mal chita sou menm tab ak nou lè n'ap fè fèt.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Y ap soufri mal kòm salè a mal ke yo fè. Se plezi yo pou fè banbòch an plèn joune. Se tach ak salte, k ap fè kè kontan nan desepsyon yo, pandan y ap fete avèk nou.

参见章节 复制




2 Pyè 2:13
15 交叉引用  

Nou dwe viv yon fason ki konvenab, sa vle di jan moun k ap viv nan limyè viv, san fè eksè nan manje, nan bwason. Nou pa dwe tonbe nan dezòd seksyèl oubyen nan poze aksyon ki fè moun wont. Nou pa dwe nan joure ni nan fè jalouzi.


Kris bay lavi l tou pou l ka fè legliz la parèt devan l ak tout bèlte li, san tach, san okenn pli nan figi l, san menm yon ti defo.


Yo gen pou yo fini mal. Pou yo menm, se vant yo ki bondye yo. Sa ki pi rèd, wont yo se fyète yo. Y ap panse ak bagay latè.


Aleksann, fòjewon an, li fè m anpil mechanste. Senyè a ap jije l daprè zèv li.


Nou t ap viv sou tè a nan richès ak plezi. Nou angrese tèt nou, menm jan ak zannimo y ap fè gra pou yo touye.


Kounye a, moun sa yo wè sa dwòl paske nou pa mele avèk yo nan vye lavi y ap mennen an ak nan bagay sal y ap fè yo. Se sa k fè y ap pale nou mal.


Fo doktè yo kite bon chemen an, yo pèdi. Yo pran menm wout ak Balaam, pitit Bozò a. Li te renmen fè yo peye l pou l fè sa ki mal.


Trete lavil sa a menm jan l te trete lòt yo. Remèt li de fwa lavalè sa l te fè. Mete nan gode pou li yon diven ki de fwa pi fò pase diven li te bay lòt yo.


跟着我们:

广告


广告