Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Pyè 1:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Lè n gen bagay sa yo nan lavi nou, lè y ap ogmante detanzantan, nou p ap janm tonbe nan pwen pou n ta vin pa itil Bondye ankò. N ap pote fwi ki soti nan konesans Jezikris, Senyè nou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Si nou gen tout bagay sa yo nan nou, si nou devlope yo nan nou, nou p'ap rete bra kwaze. Se p'ap pou gremesi nou konnen ki moun Jezikri, Senyè nou an, ye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vrè konesans Senyè nou an, Jésus Kri.

参见章节 复制




2 Pyè 1:8
33 交叉引用  

Grenn ki tonbe nan touf pikan an, se moun ki tande mesaj la, men sousi lavi ak renmen lajan toufe mesaj la nan lavi yo. Konsa pa gen okenn chanjman nan lavi yo.


A nevè di maten, li soti ankò, l ale sou yon plas piblik, epi li wè kèk mesye ki kanpe ki p ap fè anyen.


Ozanviwon senkè konsa, li soti ankò epi li jwenn kèk mesye kanpe san yo p ap fè anyen. Li di yo: Poukisa nou kanpe la a tout jounen ap kalewès?


Mèt la reponn li: Ou se yon sèvitè mechan epi w parese! Ou te konnen m rekòlte kote m pa t simen grenn, m ranmase fwi kote w pa t plante,


Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou.


Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a.


Mwen konnen nou. Mwen konnen nou pa renmen Bondye.


Se pou n gen devouman nan lespri nou, nou pa dwe parese. Se pou n toujou chofe pou sèvis Senyè a.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.


Egzamine tèt nou, gade pou nou wè si n ap viv nan lafwa. Èske se konnen nou pa konnen Jezikris ap viv nan nou? Si nou pa pase tèt nou egzamen lafwa sa a, Jezikris ta sipoze p ap viv nan nou.


Kretyen sa yo pase anba anpil afliksyon, epi yo pa moun ki gen lajan. Men yo gen yon jwa k ap debòde ki lakòz yo laj nan jan yo bay.


Nou rich nan tout bagay: nan lafwa, nan kapasite pou pale byen, nan konesans, nan bòn volonte pou ede lòt moun ak nan lanmou nou genyen pou nou. Konsa, n ap mande pou nou pwofite privilèj patisipasyon nan ofrann sa a pou n manifeste menm richès la.


Epi lè y ap priye pou nou, y ap fè l ak anpil afeksyon poutèt favè nou pa t merite nou jwenn nan Bondye.


Men ki priyè mwen fè pou nou: Se pou lanmou ki nan kè nou an kontinye grandi plis toujou. Se pou nou gen tout kalite konesans ak bon konprann,


Men sa nou ta dwe genyen kòm objektif: Se pou nou sanble ak Kris nan jan n ap panse.


Anplis pa gen anyen ki gen valè pou mwen lè m pran konpare yo ak enpòtans relasyon mwen genyen ak Jezi Senyè a. Mwen mete tout bagay sou kote epi mwen konsidere yo tankou fatra pou m ka genyen Kris.


Sa pral ede nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè l plezi nèt ale. Se pou lavi nou donnen tout kalite bòn zèv epi se pou nou grandi nan konesans Bondye.


Nou dwe depann de Kris la sèlman epi chache jwenn lavi ak fòs nou nan li. Se pou n kontinye devlope bon konprann nou nan li nan fason yo te ansenye nou vrè lafwa a. Anplis, pa janm sispann di Bondye mèsi.


Se pou ansèyman Jezi yo toujou aji nan ou. Se pou nou anseye youn lòt, bay youn lòt konsèy ak anpil sajès. Pou n di Bondye mèsi, se pou n chante sòm, kantik, ak chan Sentespri Bondye enspire nou.


Se pou Senyè pèmèt lanmou nou youn pou lòt grandi pi plis toujou. Se pou l vin menm jan ak lanmou nou gen pou ou ak pou tout moun nèt.


Frè m ak sè m yo, nou gen kèk lòt bagay nou vle di ou. N ap mande ou epi ankouraje ou nan non Senyè Jezi, jan nou te anseye w la, epi jan ou gen tan ap fè l, pou ou kontinye viv pou fè Bondye plezi pi plis chak jou.


Nou toujou di Bondye mèsi pou ou. Se sa nou dwe fè, paske lafwa ak lanmou ou ap grandi pi plis chak jou. Wi, se rezon sa a menm ki fè nou gen remèsiman nan kè nou, paske lanmou nou genyen nan kè nou youn pou lòt, nan Tesalonik, ap grandi tou.


Pi plis ankò, jèn vèv sa yo vin ap gaspiye tan yo nan mache de kay an kay. Epi, pi plis toujou, yo vin renmen pale anpil epi foure bouch nan sa k pa mele yo epi rakonte sa yo pa dwe rankonte.


Moun pa nou yo dwe aprann gen anpil zèl nan fè sa ki byen pou ede moun ki gen bezwen ki paka tann. Konsa, y ap mennen yon lavi ki gen yon bon enfliyans nan kominote a.


M ap priye pou menm lafwa nou gen nan Bondye a bay bon rezilta, epi pou l fè nou konnen tout bon bagay nou ka fè nan jan n ap sèvi Kris la.


Nou pa vle nou vin parese. Nou vle nou vin menm jan avèk sila yo ki pral resevwa tout sa Bondye te pwomèt l ap bay yo poutèt lafwa ak pasyans yo.


Poutèt nou konnen Bondye ak Jezi, Senyè nou an, se pou yo ban nou gras ak lapè an abondans.


Nan pouvwa Bondye genyen, Jezi ban nou tout sa nou bezwen pou n ka viv epi sèvi l ak fidelite. Li te fè nou konnen moun ki te rele nou an, pou fè n patisipe nan glwa ak nan bonte li.


Moun ki konnen Jezikris, Senyè ak Sovè nou an, moun sa yo vire do bay move enfliyans lemonn. Men si yo retounen nan menm move bagay sa yo, yo ka tonbe anba kontwòl yo ankò. Lè sa a, sitiyasyon yo vin pi mal pase anvan.


Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikris. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.


跟着我们:

广告


广告