Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Pyè 1:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Konsa, Bondye fè n anpil gwo pwomès ki gen anpil valè. Pwomès sa yo ede n kite tout vye kòripsyon ki nan lemonn, pou n vin patisipe nan nati Bondye li menm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.

参见章节 复制




2 Pyè 1:4
25 交叉引用  

Yo se moun pèp Izrayèl, pitit Bondye adopte. Bondye ba yo laglwa li ak tout Alyans Bondye fè ant li menm ak yo menm. Bondye ba yo Lalwa Moyiz la, li ba yo Tanp lan pou adore li epi li ba yo pwomès li yo.


Jezi se wi Bondye, paske se pa mwayen li menm tout pwomès Bondye yo akonpli. Se sa k fè se pa mwayen Jezi nou di “Amèn” ak tout sa ki bay Bondye glwa.


Nou pa gen vwal sou vizaj nou. N ap kontanple glwa Senyè a ki reflete sou nou tankou nan yon miwa, epi n ap transfòme pou nou vin reflete imaj li. Transfòmasyon sa a pote plis glwa toujou, paske li soti nan Senyè a ki se Sentespri a.


“Se sa k fè pawòl Senyè a di: Soti nan mitan yo. Separe w, retire kò w sou yo. Pa touche anyen ki pa pwòp, epi m ap aksepte ou.”


Se menm jan an tou, Bondye te fè pwomès li yo pou Abraram ak pou desandan li a. Gade byen, li pa di “pou desandan l yo”. Si se te sa, li ta vle di plis pase yon sèl moun. Kòm l ap pale de yon sèl moun, li di: “ak pou desandan li a”, sa vle di Kris.


Moun ki simen semans ki pou satisfè dezi li, sa l ap rekòlte, se destriksyon. Men, moun ki semèn semans pou satisfè Sentespri a, l ap rekòlte lavi etènèl.


Travay sa a dwe kontinye jouk nou ini ansanm nan sa nou kwè ak nan konesans nou konsènan pitit Bondye a. Objektif nou, se pou nou vin tankou kò yon moun ki byen grandi, byen devlope, pou nou vin sanble ak Kris la nan tout sans.


Kounye a, se yon nouvo lavi ki nan nou, yon lavi ki vin pi nèf chak jou. Nou vin ap konprann moun ki te kreye nou an pi plis chak jou. Epi, de jou an jou, n ap sanble ak li pi plis.


Wi papa nou sou latè te korije pou yon ti tan. Yo te fè sa yo kwè ki t ap pi bon pou nou. Men Bondye korije nou pou l ka ede nou vin sen menm jan avè l.


Se poutèt sa Kris negosye yon nouvo pwomès pou pèp li a. Konsa tout moun Bondye chwazi yo ap ka jwi eritaj etènèl Bondye te pwomèt yo. Sa posib paske Kris te mouri pou libere lèzòm anba peche yo te komèt lè yo te nan premye pwomès la.


Adorasyon Bondye vle a, men li: Pran swen òfelen yo ak vèv yo ki nan bezwen epi kenbe tèt ou pou w pa tonbe anba enfliyans mond lan. Se bon jan adorasyon kon sa Bondye aksepte.


Mwen se Simon Pyè, sèvitè ak apot Jezikris k ap salye nou. M ap ekri pou nou tout ki te resevwa yon lafwa ki te ban nou menm benediksyon nou genyen yo. Nou te jwenn lafwa sa a, paske Bondye ansanm ak Sovè nou Jezikris toujou fè sa ki jis epi ki san defo.


Men Bondye fè nou yon pwomès. N ap tann pwomès la reyalize, yon syèl tou nèf ak yon tè tou nèf. Se yon plas kote lajistis va rete.


Senyè a pa an reta nan akonpli pwomès li yo, jan kèk moun konprann li an reta a. Men se pasyans li genyen pou nou konsa. Li pa vle okenn moun peri, men pou tout moun rive repanti.”


Epi, men pwomès Pitit la te fè a: lavi etènèl.


Zanmi m yo, depi kounye a, nou se pitit Bondye. Epi sa nou va ye a pa ko parèt aklè. Nou konnen lè Kris tounen, nou va sanble ak li, paske nou va wè l jan li ye a.


跟着我们:

广告


广告