Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 9:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Sonje: moun ki simen tikras ap rekòlte tikras; moun ki simen anpil ap rekòlte anpil.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans.

参见章节 复制




2 Korent 9:6
20 交叉引用  

Se pou nou bay, kon sa Bondye ap ban nou tou. N a resevwa anpil. Dyakout nou ap tèlman byen ranpli, l ap fè tiyon, epi l ap ranvèse. Paske jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou.”


Mwen tande gen moun k ap di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se ak Apolòs m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se Pyè m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen se Kris m ap swiv!”


Men, reyalite a se paske Kris la te resisite. Li se premye pami tout sa ki pou resisite.


Frè m ak sè m yo, men sa m vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Konsa depi kounye a, yon nonm ki gen madanm ta dwe viv san sousi tankou yon nonm ki pa gen madanm.


Bondye ki bay plantè a grenn pou l simen ak pen pou l manje, va ba nou semans nou bezwen. La fè bonte nou grandi epi donnen tout kalite bon fwi.


Se sa k fè mwen te panse voye frè sa yo devan. Y ap ede nou kolekte ofrann ou te pwomèt la. Konsa, lè nou vini, tout bagay ap gen tan pare. Konsa l ap parèt klè se yon bagay nou fè ak tout kè nou, se pa fòse yo fòse nou.


Men sa m vle di: Bondye te fè yon testaman, epi li te ratifye l. Katsantrantan apre sa, Bondye vin bay lalwa Moyiz la. Konsa, lalwa ki vin apre a, pa kapab anile testaman an pou pwomès la ta vin pa kenbe ankò.


M ap di nou pito: Kite Sentespri a kontwole lavi nou. Si nou fè sa, nou p ap fè move bagay dezi kò a fè moun fè.


Se poutèt sa, nan non Senyè a, men sa m ap di nou: Fè atansyon pou nou pa kontinye viv menm jan ak moun ki pa kwè yo. Moun sa yo, panse ki nan tèt yo p ap mennen yo okenn kote.


M ap di nou sa pou okenn moun pa pran tèt nou ak bèl diskou.


Bondye pa enjis, li p ap bliye tout travay nou fè pou li. L ap sonje ki kalite lanmou nou te montre nou genyen pou li nan jan nou te ede lòt kretyen ak nan jan n ap kontinye ede yo.


跟着我们:

广告


广告