Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 9:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Se sa k fè mwen te panse voye frè sa yo devan. Y ap ede nou kolekte ofrann ou te pwomèt la. Konsa, lè nou vini, tout bagay ap gen tan pare. Konsa l ap parèt klè se yon bagay nou fè ak tout kè nou, se pa fòse yo fòse nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Se sa k fè, mwen kwè se te nesesè pou m te mande frè sa yo pou y'al lakay nou anvan mwen, pou nou ka pare kado nou te pwomèt nou t'ap bay la. Konsa, lè m'a rive mwen menm, kado a va tou pare. Lè sa a, moun yo va wè nou bay paske nou vle, pa paske yo fòse nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm.

参见章节 复制




2 Korent 9:5
11 交叉引用  

Chak dimanch, se pou chak moun kontribye ak yon pati nan sa Bondye ba li kòm benediksyon, epi mete l apa nan yon plas espesyal. Fè l kon sa pou nou pa oblije ramase tout ofrann nan yon sèl kou lè m vini.


Konsa, nou mande Tit pou l al fini travay ankourajman li te kòmanse lakay nou an sou kesyon ofrann sa a.


Poutan, mwen voye frè sa yo pou m ka asire nou pare toutbon vre epi se pa san rezon mwen fyè de nou an.


Sonje: moun ki simen tikras ap rekòlte tikras; moun ki simen anpil ap rekòlte anpil.


Se pa kado ak lajan m ap chache non. Okontrè, m ap chache wè si nou menm, lafwa nou ta fè pi plis benefisye toujou devan Bondye.


跟着我们:

广告


广告