2 Korent 9:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil2 Mwen konnen devouman nou pou nou ede, epi mwen gentan di moun Masedwàn yo kijan mwen fyè de nou. Mwen di yo: kretyen pwovens Akayi yo gentan pare depi ane pase pou ofrann nan. Lè yo tande devouman nou, sa te ankouraje anpil moun, yo te pare pou yo bay. 参见章节1998 Haïtienne2 Mwen konnen jan nou vle ede, mwen pat manke kontan pale byen pou nou ak moun Masedouàn yo lè m te di yo: Depi lanne pase anwo, frè ki nan peyi Lakayi yo pare pou ede. Se konsa lanpresman nou pou bay te eksite anpil ladan yo bay tou. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen2 paske mwen konnen volonte nou. Pou sa menm, mwen fè nou konpliman devan pèp Macédoine lan, anfèt ke Achaïe te deja prepare depi ane pase, e ke zèl nou te eksite pifò nan yo. 参见章节 |
Sa fè anpil ane depi m te kite vil Jerizalèm. Kounye a m retounen vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an. Pandan m la, m te tou pwofite fè yon ofrann bèt pou Bondye nan tanp lan. Se sa m t ap fè lè Jwif yo te wè m nan tanp lan. M te gentan fini ak seremoni pirifikasyon an. Pa t gen foul moun ki te rasanble, ni pa t gen kras dezòd ki t ap fèt.