Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 9:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Remèsiman pou Bondye, pou don li ki se yon mèvèy nou pa ka menm dekri l!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Ann di Bondye mèsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parèy li!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.

参见章节 复制




2 Korent 9:15
23 交叉引用  

“Lwanj pou Bondye nan syèl la, epi kè poze sou latè pou tout moun ki fè Bondye plezi.”


Nan menm lè sa a, Àn pwoche bò kote yo, li kòmanse fè lwanj Bondye epi li t ap pale de Jezi ak tout moun ki t ap tann ki lè pou Bondye te vin delivre Jerizalèm.


Wi, Pawòl la te tèlman plen ak lanmou epi ak verite a pou nou, nou tout resevwa benediksyon nan men li youn apre lòt.


Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, kon sa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl.


Men, kado Bondye bay la pa menm jan ak peche Adan an. Anpil moun mouri poutèt peche yon sèl moun, ki se Adan. Men gras Bondye bay la, li pi enpòtan anpil. Gras sa a, Bondye bay li pa mwayen yon sèl moun, Jezikris. Li bay anpil moun li san mezire.


Lè yon moun peche, peche peye l yon salè, se lanmò. Men Bondye bay moun pa li yo yon kado, se lavi etènèl nan Jezikris, Senyè nou an.


Menm pwòp pitit li Jezikris Bondye pa anpeche l soufri pou nou, li te livre l pou nou tout. Sa fè nou kwè Bondye p ap manke ban nou tout bagay ak Jezikris, pitit li a.


Men, nou di Bondye mèsi, ki ba nou laviktwa pa mwayen Jezikris, Senyè nou an.


Men nou di Bondye mèsi, li menm ki toujou ban nou vikwa pa mwayen Jezikris. Bondye sèvi ak nou pou gaye nouvèl Kris la kèlkeswa kote nou pase, tankou yon pafen santi bon.


Bondye ap fè nou rich nan tout fason pou nou ka toujou laj nan jan nou bay. Anpil moun pral di Bondye mèsi pou don ou ba nou pote pou yo.


Epi lè y ap priye pou nou, y ap fè l ak anpil afeksyon poutèt favè nou pa t merite nou jwenn nan Bondye.


Nan non Senyè Jezikris, toujou di Bondye, Papa a, mèsi pou tout bagay.


Tout bagay ki san fot, se nan Bondye l soti. Tout bon kado, se an wo nan syèl yo soti. Se Bondye ki bay yo. Se li ki kreye solèy la ak zetwal yo. Bondye pa konn chanje menm jan ak lonbraj limyè fè chanje, li pa menm konn varye nan pozisyon l.


Yo t ap chante glwa ak onè pou moun ki te chita sou twòn nan, moun k ap viv pou tout tan an. Epi chak fwa yo te fè sa,


跟着我们:

广告


广告