Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 8:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Mwen p ap pase nou lòd pou nou bay. Men, mwen vle gade sèlman nan ki nivo nou gen yon lanmou ki reyèl lè m konpare l ak volonte lòt moun manifeste pou ede.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Se pa yon lòd m'ap ban nou: Men, mwen pran egzanp sou lòt yo pou nou menm tou nou ka moutre jan nou gen renmen tout bon nan kè nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Mwen p ap pale sa tankou se yon lòd, men pou pwouve selon zèl a lòt yo, senserite lanmou pa nou tou.

参见章节 复制




2 Korent 8:8
19 交叉引用  

Lanmou nou gen youn pou lòt pa dwe gen ipokrizi ladan l. Se pou n rayi sa ki mal. Epi rete atache ak sa ki byen.


Men konsèy mwen gen pou lòt moun yo. Senyè a pa t abòde aspè sa a nan ansèyman l yo. Si yon mari kwayan gen yon madanm ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l.


Kounye konsènan ka moun ki pa marye yo, mwen pa resevwa okenn lòd espesyal nan men Senyè a. Men mwen vle bay yon opinyon nou ka fè konfyans. Bondye fè m gras nan sans sa a.


Mwen di sa pou m ka ban nou pèmisyon pou nou fè yon ti separe pou yon ti tan. Se pa yon lòd m ap pase.


Nou montre nou se sèvitè Bondye vrèman nan jan nou mennen yon lavi san detou ak konpreyansyon, ak pasyans, ak jantiyès. Nou montre li ak prezans Sentespri nan lavi nou, ak yon lanmou otantik,


Nan kesyon n ap trete a, men sa m panse ki pi bon: ane pase nou te premye gwoup ki te vle kolekte ofrann nan, epi se nou ki te kòmanse l an premye.


Konsa, bay mesye yo prèv nou renmen yo toutbon. Bay tout legliz yo prèv tou nou gen rezon pou fyè de ou konsa.


Mwen konnen devouman nou pou nou ede, epi mwen gentan di moun Masedwàn yo kijan mwen fyè de nou. Mwen di yo: kretyen pwovens Akayi yo gentan pare depi ane pase pou ofrann nan. Lè yo tande devouman nou, sa te ankouraje anpil moun, yo te pare pou yo bay.


Se pou chak moun bay jan l deside nan kè li, san l pa regrèt, san moun pa fòse l. Bondye renmen moun ki bay ak tout kè l.


Okontrè, nou menm n ap di verite a nan lanmou. N ap kontinye grandi pou nou ka vin gen menm karaktè ak Kris la, nan tout sans. Kris se tèt la.


Gras Bondye avèk tout moun ki renmen Senyè Jezikris ak yon lanmou ki p ap janm fin i.


An nou chache tout jan nou ka ankouraje youn lòt pou n pratike renmen epi fè bon zèv.


Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou.


跟着我们:

广告


广告