Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 8:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Nou vle gen bon repitasyon devan Bondye ak devan lèzòm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 N'ap chache fè tout bagay pwòp, pa sèlman devan Bondye, men devan tout moun tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Paske nou respekte sa ki onorab, non sèlman nan zye Senyè a, men osi nan zye lèzòm.

参见章节 复制




2 Korent 8:21
19 交叉引用  

Tout sa y ap fè se pou moun ka wè yo. Pa egzanp, pou yo montre moun jan yo espirityèl, yo fè ti bwat vèsè yo abitye pote sou bra oubyen nan fwon pi gwo pase pa lòt moun. Yo mete franj nan manto yo pi long pase pa lòt moun.


Menm jan an tou, se pou limyè ou briye devan tout moun. Y a gade bon bagay w fè, epi y a fè lwanj pou Bondye, papa ou ki nan syèl la.


Fè atansyon, lè w ap fè sa ki byen, pou ou pa tonbe nan fè wè. Ou p ap jwenn okenn rekonpans nan men Papa ou ki nan syèl la si ou tonbe nan fè wè.


Konsa, sa w bay la ka fèt an sekrè. Papa ou ki nan syèl la, ki konnen tout sekrè, se li k ap ba w rekonpans ou merite a.


Si yon moun fè w mal, pa chache remèt li sa l fè w la. Se pou n fè sa tout moun kwè ki bon.


Moun k ap sèvi Kris nan fason sa a, l ap fè Bondye plezi epi tout moun ap respekte l.


Gen yon bagay ki sèten, nou pa fè pati moun k ap vann pawòl Bondye a pou fè pwofi. Avèk èd Kris la, nou prezante mesaj la avèk senserite, paske nou konnen nou gen pou n rann li kont.


Nou pran prekosyon pou okenn pa kritike jan nou jere gwo ofrann sa a.


N ap voye avèk yo tou, frè nou an, yon moun nou gen tan teste nan plizyè bagay epi nan plizyè okazyon li montre anpil devouman. Li vin plis devwe toujou paske li fè w konfyans.


Pou fin i, frè m ak sè m yo, bagay ki pou nan lespri nou se bagay ki bon, ki vrè, ki jis, ki sen, ki bèl, bagay moun respekte, ki pwòp epi bagay moun ka fè lwanj pou yo.


Kouri lwen tout sa ki mal.


Fòk moun ki pa kretyen yo bay bon temwanyaj pou li. Lè sa a, pèsòn p ap pale l mal epi konsa, li p ap tonbe nan pyèj satan mete pou li.


Poutèt sa, mwen vle pou jèn vèv yo marye, fè pitit, epi pou yo pran swen kay yo. Si yo fè sa konsa, lènmi nou yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou.


Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini.


Kon sa, Rit rete kouche la nan pye Bowaz jouk rive bonè nan maten. Li te mete nan tèt li l ap pati anvan l jou- yon lè ki pa fin jou nèt pou yon moun pa ta rive rekonèt menm pwòp zanmi l. Bowaz te fè l ale bonè konsa, paske li te di nan tèt li “pèsonn pa dwe konnen yon madanm te dòmi nan jaden an.”


跟着我们:

广告


广告