2 Korent 8:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil10 Nan kesyon n ap trete a, men sa m panse ki pi bon: ane pase nou te premye gwoup ki te vle kolekte ofrann nan, epi se nou ki te kòmanse l an premye. 参见章节1998 Haïtienne10 Men lide mwen fè sou kèsyon sa a. Depi lanne pase anwo, se nou menm an premye ki te fè lide ede frè yo. Se nou menm an premye ki te konmanse ranmase lajan pou sa. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen10 Mwen bay opinyon mwen nan ka sa a, paske sa se nan avantaj pa nou, ki, lane pase, te premye moun ki te kòmanse fè non sèlman sa, men osi te gen volonte pou fè l. 参见章节 |