2 Korent 8:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil1 Kounye a, frè m ak sè m yo, mwen ta renmen fè nou konnen kisa gras Bondye fè nan legliz Masedwàn yo. 参见章节1998 Haïtienne1 Frè m yo, mwen ta renmen nou konnen ki jan Bondye te fè wè favè l nan legliz ki nan peyi Masedouàn yo. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye ki te vin bay nan legliz Macédoine yo. 参见章节 |
Sa fè anpil ane depi m te kite vil Jerizalèm. Kounye a m retounen vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an. Pandan m la, m te tou pwofite fè yon ofrann bèt pou Bondye nan tanp lan. Se sa m t ap fè lè Jwif yo te wè m nan tanp lan. M te gentan fini ak seremoni pirifikasyon an. Pa t gen foul moun ki te rasanble, ni pa t gen kras dezòd ki t ap fèt.