Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 7:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Men kounye a mwen kontan, pa paske nou te tris men paske tristès la fè nou repanti. Kalite tristès sa a fè Bondye plezi. Konsa ou pa ka di nou te fè ou ditò.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Men kounyeya, kè m kontan, pa paske mwen te fè nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fè nou chanje kondit. Nou te sipòte lapenn sa a jan Bondye vle l la. Se konsa mwen pa fè nou okenn mal.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Koulye a, mwen rejwi, pa paske mwen te fè nou tris, men ke nou te vin tris jis pou mennen nou a larepantans. Paske mwen te fè nou tris selon volonte Bondye, jis pou nou pa ta soufri pèt nan okenn bagay akoz nou menm.

参见章节 复制




2 Korent 7:9
18 交叉引用  

Enben, se pou nou montre nou repanti nan jan n ap viv.


Konsa tou m ap di nou, gen anpil rejwisans nan pami anj Bondye yo lè yon pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye.”


Men li te nesesè jodi a pou nou fete, pou nou rejwi, paske frè w la te mouri, li resisite; li te pèdi, nou rejwenn ni.”


M ap di nou sa, gen anpil rejwisans nan syèl la lè yon sèl pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye. Gen plis rejwisans pou yon sèl pechè sa a pase pou katrevendiznèf (99) jis yo ki pa bezwen chanje lavi yo.


M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an.


Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.


Pou sa yo ki sou wout pèdisyon, pafen an gen odè lanmò. Epi li pote lanmò pou yo. Men pou sa yo ki sou wout delivrans lan, pafen an gen odè lavi. Epi li pote lavi. Kilès ki diy ase pou fè travay sa a?


Menmsi lèt mwen te voye anvan an te fè nou tris, mwen pa regrèt ditou mwen te voye l. Wi, mwen byen regrèt konnen lèt la te fè nou tris, men sa se te pou yon ti tan.


跟着我们:

广告


广告