Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 7:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Non sèlman rive Tit la te yon ankourajman, men nouvèl li te ba nou te ankouraje nou pi plis toujou. Li fè nou konnen kijan ou te sèvi ankourajman pou li. Li di nou jan ou ta renmen wè nou. Li di nou jan ou regrèt sa k te pase a. Li pale sou ki valè sousi ou gen pou mwen. Sa te vin fè m pi kontan toujou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute kouray mwen anpil tou lè li rakonte m jan nou menm nou te ba li ankourajman. Li fè m konnen jan nou anvi wè m, jan sa fè nou lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sa k fè, kounyeya mwen pi kontan toujou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.

参见章节 复制




2 Korent 7:7
34 交叉引用  

Lè sa a Pyè sonje pawòl Jezi a: “Anvan kòk chante aswè a ou ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.” Pyè soti deyò, epi l kriye tankou moun ki gen gwo doulè.


Benediksyon pou moun ki nan lapenn jodi a, paske Bondye gen pou konsole yo.


Jezi te nan gwo lapenn. Li priye pi plis toujou. Swè t ap koule sou li tonbe atè tankou gwo gout san.


Lè Banabas rive Antyòch, li te wè kijan Bondye t ap beni kwayan yo. Sa te fè l kontan anpil. Li ankouraje yo tout pou yo kenbe fèm epi sèvi Senyè a ak tout kè yo.


Sa m vle di nou, se ede m vle pou n ede youn lòt nan lafwa. Lafwa pa nou ap ede m, lafwa pa m ap ede nou.


Epi olye sa fè nou tris pou nou ta chase move grenn nan mitan nou, nou pito ap chante kantamwa.


Nou konnen ou konprann anpil bagay deja, men nou vle pou w santi w fyè poutèt nou, menm jan nou gen pou n fyè pou ou nan jou retou Senyè nou an, Jezikris.


Li toujou konsole nou chak fwa soufrans vin sou wout nou. Konsa, lè lòt moun ap soufri, nou konsole yo ak menm konsolasyon nou resevwa nan men Bondye a.


Mwen ekri nou pou m k konnen si nou pare pou n obeyi nan tout bagay.


Konsa, pandan nou nan tant sa a, n ap soupire. Dezi kè nou se pou nou al abite nan kay nou ki nan syèl la.


Men Bondye ki konn ankouraje moun ki nan lafliksyon te ankouraje nou lè Tit te rive bò kote nou.


Menmsi lèt mwen te voye anvan an te fè nou tris, mwen pa regrèt ditou mwen te voye l. Wi, mwen byen regrèt konnen lèt la te fè nou tris, men sa se te pou yon ti tan.


Mwen di Bondye mèsi, li mete nan kè Tit menm kalite devouman avè m pou ede nou.


Se sa m ta renmen wè. Epi se sa m ap tann ak pasyans. Mwen p ap janm regrèt, okontrè, mwen gen yon gwo espwa. Kit mwen rete vivan, kit mwen ta mouri, se pou Bondye sèvi ak lavi m pou l fè lwanj pou Jezikris pi plis toujou.


Paske, menm lè mwen byen lwen, nou toujou nan panse m. M kontan pou m wè bon jan disiplin ki genyen nan mitan nou epi kijan lafwa nou solid nan Kris la.


Men Timote fè k retounen ak bon jan nouvèl sou kalite lafwa ou ak lanmou ou. Li fè nou konnen kijan ou toujou sonje nou tou. Li di nou: se pa nou sèlman ki anvi wè w, ou anvi wè nou tou.


Wi, kounye a nou santi n ap viv paske ou ap kenbe fèm nan Senyè a.


Se poutèt sa, nou dwe fè plis atansyon toujou ak ansèyman nou te resevwa a. Wi, nou dwe fè atansyon pou nou pa vire do kite wout dwat la detanzantan.


Eli, se te yon nonm menm jan ak nou. Li priye mande Bondye pou lapli pa tonbe. Bondye fè lapli pa tonbe pou twa-zan-e-demi!


Mwen te kontan anpil dèske m te resevwa nouvèl kèk nan pitit ou yo k ap mache nan chemen an, jan Papa a te pase lòd pou sa fèt la.


Byeneme m yo, se pa ti anvi mwen te anvi ekri nou osijè delivrans nou tout ap pataje ansanm lan. Men m santi yon pouse pou m ekri nou sou yon lòt bagay: pou m ka ankouraje nou pou n defann lafwa Bondye bay moun ki apa pou l yo, yon fwa pou tout.


跟着我们:

广告


广告