Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 7:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Tristès ki fè Bondye plezi pote chanjman nan kè. Se kalite tristès sa a ki pèmèt moun sove. Donk, nou pa bezwen gen regrè pou kalite tristès sa a. Men, kalite tristès lemonn bay la, se lanmò li gen pou rezilta.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l la, sa chanje kè li pou l ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n regrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l la, se touye l'ap touye nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò.

参见章节 复制




2 Korent 7:10
32 交叉引用  

Lè Bondye wè tout efò yo fè pou kite move zak yo t ap fè yo, li chanje lide l. Li pa detwi pèp la ankò paske li gen pitye pou yo.


Tout moun ak tout zannimo dwe mete rad dèy sou yo. Yo dwe rele kriye ak tout fòs devan Bondye. Yo dwe kite move fason yo konn trete pwochen yo. Se pou yo sispann vyolans y ap komèt nan mitan yo.


Bondye di Jonas: “Èske ou santi w fache vre, poutèt ou pèdi pye maskriti a?” Jonas reponn: “Wi, mwen ta pito m mouri tanpou m viv yon lavi konsa!”


Lè sa a Pyè sonje pawòl Jezi a: “Anvan kòk chante aswè a ou ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.” Pyè soti deyò, epi l kriye tankou moun ki gen gwo doulè.


Konsa tou m ap di nou, gen anpil rejwisans nan pami anj Bondye yo lè yon pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye.”


Pèseptè kontribisyon an te kanpe apa tou a yon distans. Men, lè l ap lapriyè, li pa menm vle leve tèt li gade syèl la. Li t ap bat lestomak li, li t ap di: O Bondye, gen pitye pou mwen. Mwen fè anpil peche!


Lè kwayan Jwif yo tande pawòl sa yo, yo sispann kritike Pyè epi yo fè lwanj pou Bondye. Yo di: Kidonk Bondye pèmèt menm moun ki pa sikonsi yo repanti pou yo ka gen lavi li bay la.


Kidonk, nou dwe chanje lide nou parapò ak jan nou t ap mennen bak nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka padone peche nou yo.


Mwen pè pou lè m vin vizite nou ankò, pou Bondye pa imiliye m devan nou. Petèt mwen pral tris pou anpil moun ki te tonbe nan peche epi ki pa repanti. Anpil pami yo ap mennen yon lavi sal epi imoral, yo toujou ap pratike bagay ki fè moun wont.


Men kounye a mwen kontan, pa paske nou te tris men paske tristès la fè nou repanti. Kalite tristès sa a fè Bondye plezi. Konsa ou pa ka di nou te fè ou ditò.


Sonje pita lè li te vle resevwa benediksyon ki rezève pou premye pitit la, papa l pa t ka fè anyen pou li. Ezayi te tèlman vle benediksyon an li te kriye, men pa t gen okenn fason li te ka defèt sa l te gentan fè a.


跟着我们:

广告


广告