Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 5:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Konsa, nou kapab toujou gen konfyans, menm si nou konnen pandan n ap viv nan kò sa a, nou pako nan prezans Senyè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Se pou sa, nou toujou gen gwo kouray. Nou konnen toutotan nou nan kò sa a nou lwen Senyè a toujou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a,

参见章节 复制




2 Korent 5:6
15 交叉引用  

Nou konnen kò nou, tankou yon tant kote n ap viv sou latè, li gen pou l detwi. Men lè sa rive, Bondye gen yon kay k ap tann nou nan syèl la. Se pa menm kalite kay ak sa lèzòm bati isit sou latè. Se yon kay ki nan syèl la, k ap dire pou tout tan.


Wi, mwen di nou gen konfyans. Anverite, m ta prefere kite kò sa a epi ale lakay mwen ak Senyè a.


Konsa, kenbe menm kouray nou te genyen nan tan pase yo. Nou p ap pèdi sa, Bondye ap rekonpanse nou san mezire.


Tout gwo zotobre nou sot site la yo, yo te viv pa lafwa jouktan yo mouri. Gen ladan yo ki pa t gentan jwi sa Bondye te pwomèt pèp li a. Men yo te kontan menm lè yo t ap admire pwomès sa yo de lwen. Yo te rekonèt se etranje ak vwayajè yo ye sou latè.


Nou pa gen yon vil ki la pou tout tan isit sou latè. Men n ap tann vil ki gen pou vini an.


Kounye a m ap pale ak ansyen ki nan mitan nou yo. M se yon ansyen menm jan ak nou epi m se youn nan moun ki te temwen soufrans Kris la. Mwen menm tou, m ap patisipe nan glwa ki gen pou vini an. Men sa m ap mande nou.


Mwen se Jan, frè nou, k ap patisipe nan menm detrès la, menm wayòm ak menm pèseverans nan Jezi ak nou. Yo te ekzile m sou zile yo rele Patmòs la, poutèt m t ap di laverite ki konsènen Jezi epi mwen t ap anonse mesaj Bondye a.


跟着我们:

广告


广告