Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 5:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Pandan n ap viv nan tant sa a, nou gen gwo fado epi se plenn n ap plenn. Sa pa vle di nou vle retire tant sa a voye jete, men nou ta vle mete rad abitasyon selès la sou tant sa a. Lè sa a, kò sa a k ap mouri a pral vin kouvri ak lavi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Wi, toutotan m'ap viv nan kò mwen gen sou latè a, m'ap plenn tankou moun ki anba yon chay. Sa pa vle di mwen ta renmen wete kò sa a sou mwen. Men, mwen ta renmen pito mete kò mwen gen nan syèl la sou mwen. Se konsa, tou sa ki gen pou mouri nan nou pral disparèt nan lavi.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl.

参见章节 复制




2 Korent 5:4
8 交叉引用  

Se pa sèlman kreyasyon an, men nou menm tou ki gen Sentespri Bondye a kòm garanti. N ap plenn ak lapenn nan kè nou pandan n ap tann lè a fin rive nèt, lè pou nou jwenn adopsyon nou kòm pitit Bondye, lè pou kò nou rive libere.


M ap di nou yon sekrè: Nou tout p ap mouri, men nou tout gen pou chanje.


Konsa, pandan nou nan tant sa a, n ap soupire. Dezi kè nou se pou nou al abite nan kay nou ki nan syèl la.


Nouvo kò a ap tankou yon rad nèf nou mete sou nou. Konsa nou p ap toutouni.


Pandan m ap viv sou tè sa a toujou, m kwè se jis pou fè n toujou sonje bagay sa yo.


跟着我们:

广告


广告