Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 5:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Li te mouri pou tout moun, poutèt pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt pa yo ankò. Li te mouri pou yo epi li resisite pou yo ka viv pou li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve sòti vivan nan lanmò pou yo a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.

参见章节 复制




2 Korent 5:15
41 交叉引用  

yon pwomès pou l delivre nou anba puisans lènmi nou yo, pou nou kapab sèvi li san kè sote,


Sa m sot di nou la a, se vre. Ban m di nou yon lòt bagay ankò, nenpòt moun ki tande sa mwen di epi ki kwè nan moun ki voye m nan, li genyen lavi etènèl. Moun sa a p ap tonbe anba jijman ankò. Li fini ak lanmò, se viv l ap viv kounye a.


Bondye Papa a te voye m. L ap viv, epi mwen menm m ap viv tou, poutèt li menm. Konsa, nenpòt moun ki pran tan l ak plezi l pou l manje mwen, l ap viv poutèt mwen menm.


Frè ak sè m yo, poutèt Bondye montre nou jan li renmen nou anpil konsa, men sa m ap mande nou: An n ofri tout sa nou ye bay Bondye, tankou yon sakrifis vivan ki sen, epi ki fè l plezi. Lè n gade sa li fè pou nou, se kon sa vrèman vre nou ta dwe adore l.


Bondye te bay Jezi pou l te ka mouri pou peche nou. Epi li resisite l, pou l kapab aksepte nou kòm moun dwat devan l.


Se pa sa ditou! Pou sa k gen pou wè ak peche, nou se moun mouri. Kòman pou n ta fè kontinye ap viv nan peche ankò?


Nou konnen ansyen moun nan te mouri nan nou menm sou lakwa avèk Kris. Se kon sa lavi esklav nou te genyen an te detwi nèt, poutèt pou n pa esklav peche ankò.


Men si Kris ap viv nan nou, lè sa a, Sentespri a ban nou lavi paske nou te libere anba peche ak lanmò. Sa se yon verite, menm si kò nou deja nan wout pou mouri poutèt peche.


Paske Sentespri ki bay lavi a delivre w anba lalwa ki pote peche ak lanmò a, pa mwayen Jezikris.


Lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès li, se wout lanmò li pran. Men lè yon moun gen panse l anba kontwòl Sentespri a, se wout lavi ak lapè li pran.


Fè menm jan avè m. Mwen fè sa m kapab pou m fè tout moun plezi nan tout bagay. Mwen pa chache enterè m. Mwen chache enterè lòt yo pou yo kapab sove.


Wi, si se pou Kris, mwen aksepte ak kè kontan feblès mwen yo. Mwen aksepte ak kè kontan jouman, nesesite, pèsekisyon ak moman difisil. Rezon: lè m fèb se lè sa a m pi fò.


Se li menm ki ban nou kapasite pou nou travay kòm sèvitè l anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa depann de lalwa, men li depann de Sentespri a. Lalwa pote lanmò, men Sentespri a bay lavi.


Konsa, nou sispann gade moun ak menm je lèzòm gade moun. Se vre, se kon sa nou te konnen Kris la nan tan pase. Men nou pa panse kon sa ankò.


Poutèt se Sentespri a ki ban nou lavi, annou kite Sentespri a mennen lavi nou.


Se poutèt sa, nan non Senyè a, men sa m ap di nou: Fè atansyon pou nou pa kontinye viv menm jan ak moun ki pa kwè yo. Moun sa yo, panse ki nan tèt yo p ap mennen yo okenn kote.


Se vre wi, limyè a montre kijan tout bagay ye. Se poutèt sa yo di: “Reveye w, ou menm k ap dòmi! Leve nan mitan moun ki mouri yo, epi Kris ap klere w.”


Lè n te batize, nou te mouri epi antere ansanm avè l, nou te resisite ansanm avè l tou poutèt lafwa nou nan puisans Bondye.


Poutèt nou se moun ki resisite avèk Kris, nou dwe chache bagay ki soti anwo, bagay ki soti adwat Bondye Papa a kote Kris chita a.


Tout sa nou kapab di oubyen fè, se pou n fè tout sa pou Senyè Jezi. Epi nan tout sa n ap fè, se pou n remèsye Bondye Papa a pa mwayen non Jezi.


Tout sa n ap fè, se pou n fè l ak tout kè nou, tankou se pa pou moun nou t ap fè l men se pou Senyè a.


Se Jezi ki te mouri pou nou. Konsa, kit nou ta gentan mouri, kit nou vivan, nou pral viv ansanm avèk li, lè li retounen.


Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.


Se sa ki fè yo te tande Levanjil anvan yo mouri. Moun te kritike yo lè yo t ap viv sou latè. Men se te plan Bondye pou yo te tande Levanjil la preche pou yo te ka genyen yon lavi tou nèf granmesi Lespri Bondye a.


Men kijan Bondye te montre nou lanmou li: Bondye te voye yon sèl Pitit li a nan mond lan pou nou ka genyen lavi pa mwayen li menm.


Se mwen menm ki vivan an. Mwen te mouri, men kounye a, mwen vivan pou tout tan epi mwen gen pouvwa sou lanmò, mwen gen pouvwa sou kote mò yo ye a.


跟着我们:

广告


广告