Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 5:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Nou p ap chache vante tèt nou ankò. Men n ap di w tout sa pou nou ka ba w yon okazyon pou santi w fyè de nou. Konsa ou ap gen yon repons solid pou moun ki kwè anpil nan aparans. Sa k nan kè yon moun pa enterese yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Pa mete nan lide nou mwen vin pale nou byen sou tèt mwen ankò. Men, mwen ta renmen ban nou okazyon pou nou kontan m anpil, pou nou ka jwenn repons pou nou bay moun ki pa gen bon kalite nan kè yo tout bon, men k'ap fè grandizè pou bagay ki gen bèl aparans.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè.

参见章节 复制




2 Korent 5:12
13 交叉引用  

Nou konnen ou konprann anpil bagay deja, men nou vle pou w santi w fyè poutèt nou, menm jan nou gen pou n fyè pou ou nan jou retou Senyè nou an, Jezikris.


Nou pa oze mete nou nan menm nivo oswa konpare tèt nou ak moun sa yo ki panse yo tèlman enpòtan. Yo etabli pwòp mezi yo pou mezire pwòp tèt yo, epi yo konpare tèt yo ak pwòp tèt yo. Ala egare!


Lè yon moun ap vante tèt li di l bon, sa pa vo anyen. Sa k konte, se sa Bondye li menm, li di sou yon moun.


Gade prèv ki devan w yo! Si yon moun gen konviksyon li se moun Kris la, lè l byen reflechi, l ap wè nou menm tou, nou se moun Kris la.


Menmsi li ta sanble mwen egzajere nan jan m fyè a, mwen pa wont. Paske, Senyè a ban m otorite pou m konstui, li pa ban m otorite pou m detwi.


Mwen t ap pale tankou moun fou. Se nou ki lakoz sa. Se nou menm ki ta dwe ap vante kalite m. Mwen pa vo anyen non, men gran apot nou yo pa vo plis pase m non.


Èske nou dwe kòmanse ap di bèl bagay pou fè moun wè nou? Oubyen èske nou bezwen lèt rekòmandasyon menm jan ak kèk lòt moun pou nou vin lakay ou, oswa lè n ap kite lakay ou?


Okontrè, nou fè tout bagay yon jan ki montre nou se sèvitè Bondye vre. Nou sipòte avèk pasyans moman tristès, moman lapenn yo ak tout kalite kalamite.


Konsa, lè m retounen jwenn nou ankò, n ap gen plis rezon pou n fyè poutèt sa Jezikris fè pou mwen.


跟着我们:

广告


广告