Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 4:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Bondye konfye nou trezò sa a, men nou se sèlman po ki fèt an ajil ki kenbe trezò sa a. Konsa, li klè, puisans nou genyen pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa sòti nan nou, men se nan Bondye li sòti.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm.

参见章节 复制




2 Korent 4:7
31 交叉引用  

Wayòm syèl la se tankou yon ja lajan ki sere anba tè. Yon moun jwenn li, li sere l pi fon. Li tèlman kontan, l ale vann tout sa l genyen pou l achte jaden an.


Li di yo ankò: “Pwofesè lalwa ki vin kwè nan mesaj wayòm syèl la se tankou yon mèt kay ki fouye nan depo li pou l chache non sèlman bagay ansyen men bagay nouvo tou.”


Mwen di nou sa pou n ka gen kè poze nan mwen menm. Nan mond sa n ap pase anpil tray. Men pran kouray, mwen gen laviktwa sou lemonn.”


Li chwazi sa lèzòm meprize, sa moun konsidere san valè pou l detwi sa yo ki gen valè.


Se vre gen moun ki di: “Lèt li yo egzijan, yo gen fòs, poutan lè l nan mitan nou an pèsòn, pawòl li yo fèb, epi yo pa vo anyen.”


Se vre Kris la te fèb lè yo te klouwe l sou lakwa, men kounye a, li vivan gras a puisans Bondye. Nou menm tou, nou fèb poutèt nou fè youn ak Kris. Men n ap vivan nan li menm, pa mwayen pouvwa Bondye, lè nou va reyini ansanm avè l.


Bondye, nan bonte l, konfye nou travay sa a pou nou fè. Se poutèt sa, nou p ap abandone l.


Nou konnen kò nou, tankou yon tant kote n ap viv sou latè, li gen pou l detwi. Men lè sa rive, Bondye gen yon kay k ap tann nou nan syèl la. Se pa menm kalite kay ak sa lèzòm bati isit sou latè. Se yon kay ki nan syèl la, k ap dire pou tout tan.


Yo gade nou tankou moun ki gen anpil tristès, men poutan nou toujou gen jwa nan kè nou. Yo gade nou tankou pòv, men nou fè anpil moun rich ak lafwa. Yo gade nou tankou moun ki pa gen anyen, men poutan nou posede tout bagay.


Nou te mouri espirityèlman poutèt tout sa nou te fè ki mal kont Bondye. Men, Bondye ban nou lavi ansanm ak Kris la. Se grenmesi gras Bondye ki fè nou sove.


Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la.


Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye.


Lè n te batize, nou te mouri epi antere ansanm avè l, nou te resisite ansanm avè l tou poutèt lafwa nou nan puisans Bondye.


Se nan Kris ki genyen tout richès lasajès ak konesans.


Lè n te pote Bòn Nouvèl Jezikris a, nou pa t fè sa nan pale sèlman. Men Bondye te montre puisans li, prezans Sentespri a te vrèman reyèl, epi ou menm, ou te kapab wè kijan nou te kwè totalman nan sa nou t ap di w. Epitou, jan nou menm nou te kondui tèt nou, sa te montre aklè kijan nou se moun Kris nou ye. Nou te fè sa kon sa pou byen ou menm.


Li vle pou nou chak metrize kò nou nan yon fason ki sen epi ki onorab.


Nan yon gwo kay, genyen bagay ki fèt an ò, gen lòt ki an lajan. Men tou, genyen bagay ki fèt avèk bwa, lòt avèk tè ajil. Kèk nan bagay sa yo, yo la pou itilize nan moman espesyal, lòt yo pou itilizasyon òdinè.


跟着我们:

广告


广告