Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 3:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Senyè a, nan kontèks sa a, se Sentespri a. E lè Lespri Senyè a yon kote, li pote libète.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Kilès Senyè y'ap pale la a? Se Lespri Bondye a. Kote Lespri Bondye a ye, l'a gen libète.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète.

参见章节 复制




2 Korent 3:17
13 交叉引用  

Se Sentespri a ki bay lavi. Kò a pa vo anyen nan bagay konsa. Men bagay mwen di nou yo soti nan Sentespri a, yo bay lavi.


epi n ap konnen verite a, epi se verite a k ap ban nou libète.”


Paske Sentespri ki bay lavi a delivre w anba lalwa ki pote peche ak lanmò a, pa mwayen Jezikris.


Jan Bib la di l la: “Premye Adan an, se te yon senp moun ki te resevwa lavi.” Dènye Adan an, ranpli ak Sentespri ki bay lavi.


Nou pa gen vwal sou vizaj nou. N ap kontanple glwa Senyè a ki reflete sou nou tankou nan yon miwa, epi n ap transfòme pou nou vin reflete imaj li. Transfòmasyon sa a pote plis glwa toujou, paske li soti nan Senyè a ki se Sentespri a.


Se li menm ki ban nou kapasite pou nou travay kòm sèvitè l anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa depann de lalwa, men li depann de Sentespri a. Lalwa pote lanmò, men Sentespri a bay lavi.


Poutèt kounye a nou se pitit Bondye, Bondye voye Lespri Pitit li nan kè nou. Lespri sa a rele Bondye, “Abba, Papa.”


Kounye a, poutèt Kris fè nou lib, an n kenbe fèm nan libète sa a. Ann pa tounen anba jouk esklavaj ankò.


Frè m ak sè m yo, Bondye rele nou pou nou ka viv tankou moun ki lib. Sèlman, se pa pou nou kite libète sa a sèvi pretèks pou nou viv nan dezòd. Okontrè, nan pratike lamou, se pou nou viv tankou youn se esklav lòt.


Paske Sentespri Bondye ban nou an, li pa rann nou timid. Okontrè, Lespri sa a ranpli nou ak fòs, ak lanmou epi ak bon kontwòl sou tèt nou.


跟着我们:

广告


广告