Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 3:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Konsa, poutèt esperans nou genyen an sèten, nou pale avèk anpil asirans.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Se paske mwen gen tout espwa sa a kifè kè m poze konsa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo.

参见章节 复制




2 Korent 3:12
21 交叉引用  

Lidè Jwif yo te antoure Jezi epi yo mande li: “Pou jis kilè ou ap kite nou nan dout sa a? Si se ou ki Kris la, di nou bagay la klè.”


Mwen di nou tout bagay sa yo an parabòl, men gen yon jou k ap vini kote mwen p ap pale ak nou kon sa ankò, men m ap fè nou konnen aklè sa k konsène Papa a.


Disip li yo di l: “Kounye a, ou pale nou aklè, ou pa pale an parabòl ankò.


Pòl ak Banabas rete Ikonyòm pandan yon bon bout tan ankò. Yo pwoklame mesaj konsènan favè Bondye a avèk anpil konviksyon. Senyè a bay Pòl ak Banabas pouvwa pou fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l montre sa yo t ap anonse a se vre.


Chèf Jwif yo pa t manke sezi lè yo te wè kijan Pyè ak Jan t ap pale avèk konviksyon, sitou lè yo vin reyalize mesye sa yo se pa moun ki te gen gwo enstriksyon ni okenn fòmasyon espesyal. Amplis, yo te vin reyalize Pyè ak Jan te ansanm avèk Jezi.


Men, Banabas limenm, li te aksepte Sòl epi li mennen l bay apot yo. Banabas rakonte yo kijan Sòl te wè Senyè a sou wout Damas la epi kijan Senyè a te pale ak Sòl. Anplis, li di yo kijan Sòl te preche Bòn Nouvèl Kris la nan lavil Damas avèk anpil konviksyon.


Li te pale sitou ak Jwif ki te pale Grèk yo. Li te konn diskite ak yo. Konsa, yo t ap chache fè plan pou touye l.


Men lè m nan reyinyon legliz, mwen pito di senk mo mwen konprann olye m di dimil mo nan yon lòt lang moun pa konprann. Mwen fè l kon sa pou lòt moun ka benefisye sa m ap fè a.


Mwen menm Pòl, kèk moun di ki timid lè m nan mitan nou, epi ki sevè lè m lwen, mwen ta vle fè nou yon demand pèsonèl poutèt bonte ak dousè Kris la:


Si kontra ki te la pou yon ti tan an te gen glwa konsa, kontra ki la pou tout tan an gen plis glwa toujou.


Bib la di: “Mwen kwè, se sa k fè m pale.” Se kon sa lafwa nou ye tou. Nou kwè, se sa k fè nou pale.


Mwen santi m kapab fè n gen anpil konfyans. Mwen fyè de nou. Malgre tout pwoblèm mwen rankontre avèk nou, mwen santi m kontan anpil epi mwen jwenn anpil ankourajman.


Se kon sa tou, anpil frè ak sè nan fanmi Bondye a vin pran plis kouray nan Senyè a, paske m nan prizon. Yo kòmanse vin gen plis kouray de jou an jou pou yo anonse Levanjil la san krent.


Se sa m ta renmen wè. Epi se sa m ap tann ak pasyans. Mwen p ap janm regrèt, okontrè, mwen gen yon gwo espwa. Kit mwen rete vivan, kit mwen ta mouri, se pou Bondye sèvi ak lavi m pou l fè lwanj pou Jezikris pi plis toujou.


Priye pou m pale jan m dwe pale, pou m bay mesaj la byen klè.


Avan nou rive Tesalonik, nou te gentan pase pa nou anba men moun Filip yo. Men Bondye te ban nou kouray pou nou preche Bòn Nouvèl la, menm lè te gen obstak nan Tesalonik.


Moun ki fè travay yo byen, moun va onore yo. Y ap rete byen fèm nan lafwa yo nan Jezikris.


Antan gran frè w nan Kris la, m te ka pase w lòd pou w fè sa k dwat,


跟着我们:

广告


广告