Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 3:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Devan glwa nouvo ministè a, glwa ansyen ministè a vin pa reprezante anyen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Nou ka menm di pouvwa ki te parèt aklè nan tan lontan an pa anyen devan pouvwa k'ap parèt aklè kounyeya, sitèlman li depase l anpil.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Paske anverite, sa ki te gen glwa a, nan ka sa a pa gen glwa, akoz glwa ki depase l la.

参见章节 复制




2 Korent 3:10
11 交叉引用  

Pandan m te nan wout m prale, bò midi konsa, m wè yon gwo limyè klere nan syèl la, pi klere pase solèy la. Limyè a klere toutotou m ansanm ak moun ki t ap vwayaje avè m yo.


Si kontra ki te la pou yon ti tan an te gen glwa konsa, kontra ki la pou tout tan an gen plis glwa toujou.


Men sa m vle di: Si ministè ki pote anpil kondanasyon poutèt peche a te gen glwa konsa, ministè k ap deklare moun jis devan Bondye a gen plis glwa toujou.


Jezi te resevwa onè ak laglwa ki soti kote Bondye, Papa a. Lè sa a, li te tande vwa Bondye ki gen grandè ak laglwa a ki te di: “Sa a se Pitit Gason mwen, Pitit mwen renmen an. Se li menm ki fè kè m kontan anpil.”


P ap gen lannuit ankò. Moun p ap bezwen limyè lanp ankò, ni limyè solèy. Paske se Bondye, Senyè a k ap klere yo. Yo va dirije tankou wa pou tout tan.


跟着我们:

广告


广告