Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 2:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Wi, mwen te gen anpil dlo nan je m lè m t ap ekri lèt m te voye anvan an. Kè m te tris. Mwen te gen anpil enkyetid, men mwen pa t janm gen nan tèt mwen pou m fè nou lapenn, mwen te plis vle fè nou konnen kijan mwen renmen nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Wi. Lè sa a, kè m te boulvèse anpil, kè m te sere, se ak dlo nan je mwen te ekri nou. Mwen pat fè sa pou fè nou lapenn non. Se vle mwen te vle fè nou konnen jan m renmen nou anpil.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske se te nan anpil afliksyon ak soufrans nan kè mwen, ke m te ekri nou avèk anpil dlo nan zye; pa pou m ta fè nou tris, men pou nou ta kapab konnen lanmou pwofon ke mwen gen pou nou an.

参见章节 复制




2 Korent 2:4
12 交叉引用  

Mwen jalou pou nou. Jalouzi sa a soti nan Bondye. Mwen te pwomèt pou m remèt nou bay Kris kòm sèl mari nou. Epi m ta renmen remèt nou bay mari nou vyèj.


Kanta pou mwen, mwen t ap kontan depanse tout sa m genyen pou nou. Mwen prèt pou m menm bay tèt mwen pou nou. Èske lè m mwen renmen nou pi plis, sa ap fè nou renmen m mwens?


Mwen ekri nou pou m k konnen si nou pare pou n obeyi nan tout bagay.


Konsa, mwen pa t ekri lèt la poutèt moun ki te fè ofans lan. Mwen pa t ekri nonplis poutèt moun ki te sibi ofans lan. Mwen te ekri pou nou menm nou te ka mezire devan Bondye ki valè sousi nou gen pou ou.


Paske, jan mwen te di sa plizyè fwa deja, epi kounye a se ak dlo nan je m m ap di l ankò. Gen anpil moun k ap viv tankou lènmi kwa Kris la.


跟着我们:

广告


广告