Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 2:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Men nou di Bondye mèsi, li menm ki toujou ban nou vikwa pa mwayen Jezikris. Bondye sèvi ak nou pou gaye nouvèl Kris la kèlkeswa kote nou pase, tankou yon pafen santi bon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Ann di Bondye mèsi! Paske l'ap toujou fè nou pote laviktwa ansanm ak Kris la. L'ap pran nou, l'ap sèvi ak nou tankou yon bon pafen k'ap gaye lodè li toupatou pou fè tout moun konnen Kris la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote.

参见章节 复制




2 Korent 2:14
27 交叉引用  

Mwen di nou sa pou n ka gen kè poze nan mwen menm. Nan mond sa n ap pase anpil tray. Men pran kouray, mwen gen laviktwa sou lemonn.”


Premye bagay m ta renmen di se remèsye Bondye pou nou tout, pa mwayen Jezikris. M di Bondye mèsi paske moun tout kote sou latè ap di kijan nou se moun ki gen anpil lafwa.


ak zèv puisans li. Soti Jerizalèm, rive nan rejyon Iliri, mwen preche Levanjil Kris la nèt.


Nan tan pase, nou te esklav peche, peche te pran kontwòl lavi nou. Men, grenmesi Bondye, nou te obeyi tout ansèyman nou te resevwa yo.


Men nan mitan tout pwoblèm sa yo, nou gen laviktwa total poutèt Bondye ki montre renmen li genyen pou nou.


Sentespri a bay yon moun don pou l pale avèk sajès. Menm Sentespri a bay yon lòt moun don pou l pale ak konesans.


Epi lè w ap plante, sa w mete nan tè a gen yon kò diferan de sa plant ap ye lè l devlope. Sa w plante a se sèlman yon grenn, se petèt yon grenn ble oswa yon lòt grenn.


Men, nou di Bondye mèsi, ki ba nou laviktwa pa mwayen Jezikris, Senyè nou an.


Epi ou menm tou, ou ede nou nan lapriyè ou yo. Konsa, anpil moun ap remèsye Bondye pou nou, paske Bondye beni nou poutèt pwòp priyè yo.


Mwen di Bondye mèsi, li mete nan kè Tit menm kalite devouman avè m pou ede nou.


Remèsiman pou Bondye, pou don li ki se yon mèvèy nou pa ka menm dekri l!


An n mennen yon lavi ki ranpli ak lanmou. An n renmen lòt moun yo, menm jan Kris la renmen nou. Li te bay lavi l pou nou tankou yon ofrann, yon sakrifis yo ofri bay Bondye epi ki fè Bondye plezi ak bon sant li.


Nan non Senyè Jezikris, toujou di Bondye, Papa a, mèsi pou tout bagay.


Mwen resevwa tout bagay, mwen pa manke anyen, epi menm pi plis pase sa m te bezwen. Epafwodit te ban mwen pwovizyon nou te voye yo. Yo te byen vini, tankou yon bon kalite ofrann ki fè Bondye plezi.


Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.


Levanjil la gaye epi l ap pote bon rezilta nan lemonn antye. Se menm jan ak bò kote pa nou tou, depi premye fwa nou te tande epi konprann gras Bondye a vrèman vre.


Se kon sa Bondye dezame tout otorite ak pouvwa espirityèl yo. Li avili yo an piblik devan je tout moun tankou prizonye.


Se depi soti Tesalonik, mesaj pawòl Bondye a gaye nan tout Masedwàn ak nan Akayi. Konsa, toupatou kote nou pase y ap pale sou kalite lafwa nou nan Bondye. Konsa nou pa t bezwen di anyen ankò.


Nou p ap janm fin rive di Bondye mèsi ase pou jan nou santi nou kontan lè nou pran nouvèl ou nan lafwa.


Mwen vle pou tout mesye yo priye tout kote. Mesye sa yo dwe moun k ap viv pou fè Bondye plezi epi k ap leve men yo devan Bondye san kòlè, san akwochay ak moun.


Sa w tande m anseye devan tout moun, se pou w anseye lòt moun menm bagay yo. Pataje yo ak moun de konfyans ki gen kapasite pou anseye lòt moun menm bagay yo.


Yo t ap di: “Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pouvwa ak puisans pou Bondye nou an, pou tout tan gen tan! Amèn!”


跟着我们:

广告


广告