Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 2:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 men m pa t ka rete, paske mwen te gen twòp sousi lè m pa t wè frè mwen, Tit. Mwen te di moun yo orevwa epi m pati pou Masedwàn.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Men, kè m te sere anpil, paske mwen pat jwenn Tit, frè nou an. Se poutèt sa mwen di moun Twoas yo orevwa, epi m pati pou Masedouàn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 mwen pa t gen repo nan lespri mwen, akoz mwen pa t twouve Tite, frè mwen an. Konsa, mwen te kite yo, pou mwen te kontinye vè Macédoine.

参见章节 复制




2 Korent 2:13
16 交叉引用  

Apre Jezi te fin voye foul la ale, li monte sou mòn nan pou l priye.


Apre nou fin di youn lòt orevwa, nou monte nan batiman an epi yo menm yo retounen lakay yo.


Gen kèk nan yo ki pòv. Konsa, legliz kretyen Masedwàn ak Akayi yo te vle ede yo. Yo fè yon ofrann voye pou yo.


Mwen te ankouraje Tit ak yon lòt frè mwen te voye ak li pou vizite nou. Di m non, èske Tit te eksplwate nou? Èske li pa t aji avèk onètete, menm jan avèk nou? Èske li pa t swiv tras nou?


Se sa k fè reyaksyon ou lan pote ankourajman pou nou konsa. Anplis de ankourajman an, nou kontan anpil pou nou wè jan Tit kontan nan fason nou te akeyi l epi fè l santi l alèz.


Mwen te di Tit janm fyè de nou, epi nou pa fè anyen pou ta fè m wont. Nou toujou di w verite a, epi sa nou te di Tit de ou menm nan te pwove se te verite a.


Mwen di Bondye mèsi, li mete nan kè Tit menm kalite devouman avè m pou ede nou.


Kanta pou Tit, se kolaboratè mwen. N ap travay ansanm pou ede w. Kanta lòt frè yo, se reprezantan legliz yo epi y ap travay pou fè lwanj pou Kris la.


Konsa, nou mande Tit pou l al fini travay ankourajman li te kòmanse lakay nou an sou kesyon ofrann sa a.


Kounye a, apre katòzan, mwen tounen Jerizalèm ankò, ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m tou lè sa a.


Malgre Tit ki te avè m nan se te yon Grèk, yo pa t egzije l pou l sikonsi.


Paske Demas renmen lemonn twòp, se pou sa li pati kite m. Li pati ale Tesalonik. Kresens li menm, li ale nan Galasi, epi Tit ale nan Dalmasi.


Mwen ekri w lèt sa a, Tit. Ou se tankou yon pitit toutbon vre pou mwen, paske nou toulede dakò sou sa nou kwè. M ap priye pou Bondye Papa a ansanm ak Jezikris Sovè nou an, pou yo fè w gras epi ba w lapè!


跟着我们:

广告


广告