Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 2:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Lè m rive Twoas pou m preche Bòn Nouvèl Kris la, Bondye te ban m yon bon opòtinite, se vre,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Lè mwen te lavil Twoas pou m te anonse Bon Nouvèl ki pale sou Kris la, Senyè a te ban m yon bèl okazyon pou m te travay la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Alò, lè m te vini Troas pou levanjil a Kris la, e lè yon pòt te vin ouvri pou mwen nan Senyè a,

参见章节 复制




2 Korent 2:12
20 交叉引用  

Lè yo rive Antyòch, Pòl ak Banabas rasanble tout legliz la. Yo rakonte legliz la tout sa Bondye te pèmèt yo fè. Yo di yo: “Bondye louvri yon pòt pou moun lòt nasyon yo kapab kwè tou.”


Nou kite lavil Twoas nan batiman, nou ale tou dwat sou zile Samotras. Nan demen, nou pran direksyon lavil Neyapolis.


Konsa, yo pase nan wout ki travèse vil Mizi a, yo desann nan vil Twoas.


Nou tout te reyini ansanm nan yon chanm anlè chanmòt kay la epi te gen anpil lanp limen pou klere chanm nan.


Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikris, k ap salye nou. Bondye te chwazi m pou m vin Apot epi li ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl li a.


paske Bondye ouvri devan m kèk pòt opòtinite pou yon ministè ki gran epi efikas. An menm tan tou gen anpil opozisyon.


Si lòt moun gen dwa pou jwenn nou sipòte yo, nou gen plis dwa toujou pase yo. Men nou pa sèvi avè l. Okontrè, nou fè sa nou kapab pou nou pa tounen yon chay pou ou, paske nou pa vle tounen yon obstak pou levanjil Kris la.


Se menm bagay pou moun k ap preche levanjil. Senyè a bay lòd pou moun k ap travay kòm predikatè levanjil pou yo viv de travay sa a.


Se pa preche levanjil la non ki fè m fyè de tèt mwen, dayè se devwa mwen m ap fè. Malè avè m, si m ta sispann preche levanjil.


Nou te ka tonbe nan kategori moun k ap vante tèt yo depase, si nou pa t deja vini lakay ou. Men nou se premye moun ki te rive Korent ak Bòn Nouvèl Kris la.


Pa egzanp mwen wè nou gen anpil pasyans ak moun ki vin anonse nou yon lòt Jezi ki pa menm ak sa nou te anonse w la. Mwen wè nou aksepte fasilman yon lòt lespri ak yon lòt mesaj pa menm ak Lespri mesaj Bòn Nouvèl mwen te anonse nou an.


Èske se yon peche m te fè lè m te imilye tèt mwen pou nou menm nou te ka resevwa onè? Èske se yon peche te fè lè m te anseye nou Bòn Nouvèl la san nou pa t bay anyen?


Si Bòn Nouvèl nou anonse a pa parèt aklè, se pou moun k ap peri yo li pa klè.


Chèf mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye.


N ap voye yon lòt frè avè l. Se yon frè tout legliz yo apresye pou travay l ap fè pou gaye Levanjil la.


Ofrann sa a, se yon prèv lafwa. Anpil moun pral di Bondye mèsi poutèt sa. Yo pral glorifye non Bondye paske nou te pataje sa nou genyen ak lòt moun, san yo pa fòse nou. Yo pral glorifye non Bondye poutèt fidelite nou nan obeyisans Bòn Nouvèl la.


Priye pou mwen tou, pou Bondye louvri pòt pou Pawòl li, pou m ka rive preche mesaj Kris la. Nou konnen se rezon sa a menm ki fè m nan prizon.


Nou te voye Timote, frè nou, k ap travay ak Bondye nan travay predikasyon Bòn Nouvèl Jezikris la, pou l te ka fòtifye w epi ankouraje w nan lafwa.


跟着我们:

广告


广告