Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 13:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 N ap priye Bondye pou ou pa fè anyen ki mal. Sousi prensipal nou, se pa pou nou gen rezon, men se pou n pratike sa ki byen, menm si, nan ka sa a, li ta sanble se nou ki echwe egzamen an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 M'ap lapriyè Bondye pou nou pa fè anyen ki mal. Lè m fè sa, mwen pa fè l nan lide pou m moutre sa m kapab fè. Men, mwen ta renmen wè nou fè sa ki byen, menm si mwen pase pou moun ki pa kapab fè anyen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve.

参见章节 复制




2 Korent 13:7
25 交叉引用  

Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba mechan an.


Mwen pa mande w wete yo nan lemonn, men pou w pwoteje yo kont Malen an.


Poutèt yo pa t wè sa enpòtan pou yo chache konnen toutbon vre ki lès Bondye ye, Bondye te lage yo pou kite yo swiv tout move lide lespri yo. Konsa, yo te fè anpil bagay yo pa t dwe fè.


Si yon moun fè w mal, pa chache remèt li sa l fè w la. Se pou n fè sa tout moun kwè ki bon.


Nou dwe viv yon fason ki konvenab, sa vle di jan moun k ap viv nan limyè viv, san fè eksè nan manje, nan bwason. Nou pa dwe tonbe nan dezòd seksyèl oubyen nan poze aksyon ki fè moun wont. Nou pa dwe nan joure ni nan fè jalouzi.


ak Apelès ki bay prèv li se yon bon disip Kris. Salye tout moun nan fanmi Aristobil pou mwen,


poutèt fason nou panse a, nou kwè divizyon bon paske l ap montre ki moun ki kwayan toutbon vre.


Se vre gen moun ki di: “Lèt li yo egzijan, yo gen fòs, poutan lè l nan mitan nou an pèsòn, pawòl li yo fèb, epi yo pa vo anyen.”


Lè yon moun ap vante tèt li di l bon, sa pa vo anyen. Sa k konte, se sa Bondye li menm, li di sou yon moun.


Antouka, nou espere pandan w ap fè pwòp egzamen w lan, ou gen tan reyalize nou menm, nou reyisi nan egzamen an deja.


Nou pa ka fè anyen kont verite a, men nou dwe toujou kanpe pou verite a.


Nou kontan lè nou fèb epi ou menm ou fò. E n ap priye pou ou grandi rive nan matirite.


Okontrè, nou fè tout bagay yon jan ki montre nou se sèvitè Bondye vre. Nou sipòte avèk pasyans moman tristès, moman lapenn yo ak tout kalite kalamite.


Nou vle gen bon repitasyon devan Bondye ak devan lèzòm.


Pou fin i, frè m ak sè m yo, bagay ki pou nan lespri nou se bagay ki bon, ki vrè, ki jis, ki sen, ki bèl, bagay moun respekte, ki pwòp epi bagay moun ka fè lwanj pou yo.


Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini.


Nou dwe priye pou wa yo ak pou tout moun ki gen yon otorite kèlkonk. Nou dwe priye pou lidè sa yo, pou nou kapab mennen yon lavi trankil, nan lapè, avèk respè, yon lavi ki fè lwanj pou Bondye toutbon vre epi ki fè moun respekte yo.


Ou menm, fè tout sa w kapab pou w prezante w san repwòch devan Bondye, yon moun k ap travay pou Bondye, ki kontan nan sa l ap fè epi k ap preche mesaj Bondye korèkteman.


Senyè a va delivre m tou, lè nenpòt moun va vle fè m mechanste. Senyè a ap fè m rive nan wayòm syèl li a san pwoblèm. Tout laglwa se pou Senyè a, pou tout tan gen tan. Amèn!


Moun ki reziste anba gwo tantasyon lavi a, se moun ki byenere! Lè yo fin bay prèv lafwa yo konsa, Bondye ap rekonpanse yo ak kouwòn lavi a. Se pwomès sa a Bondye fè tout moun ki renmen l yo.


Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini.


跟着我们:

广告


广告