Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 12:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Mwen pè pou lè m vini, pou m pa ta jwenn nou jan m ta vle a, epi pou nou pa ta jwenn mwen jan nou ta vle a. Mwen pè pou lè m vini, pou m ta jwenn kont agoch adwat, jalouzi, kòlè, lanbisyon, pale mal, tripotay, awogans ak dezòd.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Mwen pè pou lè m rive lakay nou, mwen pa jwenn nou jan mwen ta vle l la. Mwen pè pou m pa jwenn kont, jalouzi, bouyay, rayisab, joure, tripotaj, lògèy, dezòd nan mitan nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi move jan, dispit, kout lang tripotay, awogans, ak tapaj.

参见章节 复制




2 Korent 12:20
34 交叉引用  

Yo plen ak tout kalite enjistis. Yo fè sa ki mal, yo pote anvi sou bagay ki pa pou yo. Yo mechan, yo plen ak jalouzi. Yo fè kont ak moun, yo touye moun. Yo twonpe moun, yo bay manti sou yo epi yo vle fè moun mal.


Y ap pale youn lòt mal. Yo rayi Bondye. Yo ensolan, yo gen lògèy, yo lwanjè. Yo envante fason pou yo fè sa ki mal. Yo pa obeyi paran yo,


Men gen lòt moun ki egoyis, yo refize swiv verite a. Yo deside mache nan lenjistis. Bondye ap pini yo lè li an kolè.


Mwen di sa paske kèk moun ki soti lakay fanmi Kloye fè m konnen gen divizyon nan mitan nou.


Bondye pa yon Bondye dezòd, se yon Bondye de pè. Sa se prensip pou tout legliz pèp Bondye a lè yo reyini.


Epi olye sa fè nou tris pou nou ta chase move grenn nan mitan nou, nou pito ap chante kantamwa.


Sa m ap di la a se verite a, menm Bondye ka sèvi m temwen. Rezon ki fè mwen pa vini Korent, se pou m pa ogmante sou pèn nou.


Tanpri, pa oblije m mete severite m deyò lè m vini. Mwen gen plan pou m aji ak severite ak tout moun ki panse rezon ki kontwole konduit nou sanble ak sa ki kontwole mond sa a.


Nou pare pou nou pini tout moun ki dezobeyi, men nou vle wè ou ap obeyi Kris san grate tèt anvan.


Mwen pè pou lè m vin vizite nou ankò, pou Bondye pa imiliye m devan nou. Petèt mwen pral tris pou anpil moun ki te tonbe nan peche epi ki pa repanti. Anpil pami yo ap mennen yon lavi sal epi imoral, yo toujou ap pratike bagay ki fè moun wont.


Dezyèm fwa mwen te lakay nou an, mwen te gen tan avèti moun ki te peche yo. Menm lè mwen pa prezan pami nou, mwen ta vle avèti tout moun ki nan peche depi lontan oubyen kounye a yo: lè m vini, mwen p ap menaje nou.


Konsa, mwen te deside mwen p ap vizite nou ankò, poutèt se tristès m ap pote pou nou.


Men, si youn ap mòde lòt, si youn ap devore lòt, veye pou youn pa touye lòt tou.


Annou pa kite lògèy fè n ap vante tèt nou, pou nou ta ap fè moun santi youn pi enpòtan pase lòt. Annou pa anvye sò youn lòt nonplis.


Frè m ak sè m yo, se pa pou nou youn ap pale lòt mal. Si ou ap kritike yon frè w oubyen yon sè w, oubyen si w ap jije yo, se kritike w ap kritike epi w ap jije lalwa. Lè se kritike w ap kritike lalwa, ou pa yon moun k ap obeyi lalwa. Ou vin tounen yon jij pou lalwa.


Se poutèt sa, sispann fè sa k pa sa, pou w ka evite blese lòt moun. Sispann bay manti, sispann twonpe moun, sispann fè jalouzi ak fè tripotay.


Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se kon sa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont.


Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.


跟着我们:

广告


广告