Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 11:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Epi lè m te lakay nou, mwen pa t sèvi fado pou pèsòn, menm lè m te nan bezwen. Frè ki te soti Masedwàn yo te ban m tout sa m te bezwen. Mwen pa t pèmèt pou tèt mwen, epi mwen p ap janm pèmèt pou tèt mwen ta yon fado pou nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Pandan tout tan mwen te pase lakay nou an, mwen pat sou kont pèsonn lè m te bezwen lajan, paske frè ki sòti Masedouàn yo te pote tou sa m te bezwen pou mwen. Mwen te pran kont prekosyon m pou m pat sou kont nou yonn pou anyen, epi m'ap toujou pran menm prekosyon sa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la.

参见章节 复制




2 Korent 11:9
16 交叉引用  

Kòm Prisil ak Akilas se tant yo te konn fè, menm jan ak Pòl, Pòl tou rete ansanm avèk yo epi li travay ansanm avèk yo.


Men, lè Silas ak Timote te vin rive soti Masedwàn, Pòl te konsakre tout tan l pou l preche epi anseye Bib la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo pou l fè yo konprann Jezi se Mesi a vre.


Lè m te nan mitan nou, m pa t janm konn anvye ni lajan, ni lò, ni bèl rad pèsonn.


Gen kèk nan yo ki pòv. Konsa, legliz kretyen Masedwàn ak Akayi yo te vle ede yo. Yo fè yon ofrann voye pou yo.


Mwen kontan pou m wè Estefanas, Fortinatis, ak Akayikis. Se vre nou pa la nan prezans mwen, men yo reprezante nou valableman.


Okontrè, nou fè tout bagay yon jan ki montre nou se sèvitè Bondye vre. Nou sipòte avèk pasyans moman tristès, moman lapenn yo ak tout kalite kalamite.


Ofrann nou bay la, non sèlman pral ede pèp Bondye a ki nan bezwen, men li pral ankouraje anpil moun di Bondye mèsi tou.


Pou kounye a, mwen panse m dwe voye Epafwodit ban nou. Li se frè mwen, li se konpanyon mwen, yon sòlda menm jan ak mwen epi tou se li nou te delege pou ban m asistans nou lè mwen te nan bezwen.


Nou pa t janm chache pou okenn moun fè lwanj pou nou. Nou pa t chache nan bouch ou. Nou pa t chache l nan bouch lòt moun.


Frè m ak sè m yo, m pa kwè nou bliye jan nou te travay di lajounen kon lannwit pou sipòte tèt nou. Nou pa t vle pou nou tounen yon fado pou okenn nan nou pandan nou t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.


Gen kèk lòt yo kalonnen ak kout wòch jouktan yo mouri. Genyen yo te fann an de. Yo touye yo ak kout nepe. Gen lòt sèl rad yo te genyen se te po mouton oubyen po kabrit. Yo te pòv. Gen lòt yo te fè soufri epi maltrete yo.


跟着我们:

广告


广告