Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 11:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Èske se yon peche m te fè lè m te imilye tèt mwen pou nou menm nou te ka resevwa onè? Èske se yon peche te fè lè m te anseye nou Bòn Nouvèl la san nou pa t bay anyen?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Lè m te anonse nou bòn nouvèl Bondye a, mwen te fè sa gratis pou nou, mwen te desann tèt mwen pou m te ka fè nou kanpe. Eske mwen te gen tò lè m te fè sa?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Oubyen èske mwen te fè yon peche lè m te aksepte imilye tèt mwen pou nou menm ta kapab egzalte, paske m te preche levanjil Bondye a nou menm san frè?

参见章节 复制




2 Korent 11:7
14 交叉引用  

Lè m te nan mitan nou, m pa t janm konn anvye ni lajan, ni lò, ni bèl rad pèsonn.


Nou konnen trè byen se men sa yo nou wè la a ki te konn travay pou fè pwovizyon ni pou mwen, ni pou kòlèg mwen yo nan ministè a.


Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikris, k ap salye nou. Bondye te chwazi m pou m vin Apot epi li ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl li a.


Si lòt moun gen dwa pou jwenn nou sipòte yo, nou gen plis dwa toujou pase yo. Men nou pa sèvi avè l. Okontrè, nou fè sa nou kapab pou nou pa tounen yon chay pou ou, paske nou pa vle tounen yon obstak pou levanjil Kris la.


Èske se mwen menm sèl ak Banabas ki dwe fè lòt travay pou nou ka viv?


Mwen menm Pòl, kèk moun di ki timid lè m nan mitan nou, epi ki sevè lè m lwen, mwen ta vle fè nou yon demand pèsonèl poutèt bonte ak dousè Kris la:


Konsa nou ka pote Bòn Nouvèl la nan lòt zòn ki pi lwen toujou, san nou pa bezwen vante tèt nou sou travay lòt moun te fè.


Kisa m te fè pou lòt legliz yo m pa fè pou nou? Wi, yon sèl bagay: mwen pa t vle tounen yon fado pou nou nan kesyon lajan. Mwen mande padon pou sa!


Lè m rive Twoas pou m preche Bòn Nouvèl Kris la, Bondye te ban m yon bon opòtinite, se vre,


Frè m ak sè m yo, m pa kwè nou bliye jan nou te travay di lajounen kon lannwit pou sipòte tèt nou. Nou pa t vle pou nou tounen yon fado pou okenn nan nou pandan nou t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.


Nou pa t janm aksepte manje manje moun san nou pa peye pou li? Nou travay di lajounen kou lannuit pou nou pa tounen yon fado pou pyès moun.


跟着我们:

广告


广告